Sant Redrèsman aprè Dezas (Disaster Recovery Centers) ki nan Zile Vyèj

Release Date Release Number
NR 040
Release Date:
November 6, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj — Tout nèf (9) Sant Redrèsman aprè Dezas (Disaster Recovery Centers, DRC) ki sou teritwa a ap rete fèmen lèdimanch koumanse dimanch 12 novanm sa a. Sant yo pral bay sivivan enfòmasyon ak èd aprè pasaj siklòn Irma ak Maria.

DRC yo pral louvri lendi pou samdi soti 8è AM rive 5è PM jiskaske yo anonse lòt enfòmasyon.

Espesyalis redrèsman ak rekonstriksyon nan Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ak Administrsyon Etazini pou TiBiznis (U.S. Small Business Administration, SBA) pare pou ede pwopriyetè kay, lokatè ak pwopriyetè tibiznis enskri pou yo kapab jwenn asistans. Epitou espesyalis yo kapab bay enfòmasyon osijè èd federal ki disponib la epi reponn kesyon.

Adrès DRC yo se:

St. Croix

  • Frederiksted nan Rotary Club West, 40 KA-KD Estate LaGrange
  • Christiansted nan Old Post Office Building ki nan kwen Church ak Company streets, Christiansted
  • Christiansted nan Fire Captain Rencelliar I. Gibbs Fire Station nan Pasèl #1, Estate Cotton Valley, East End
  • Christiansted nan St. Peter’s Episcopal Church, 38-44 Castle Coakley

St. Thomas

  • Charlotte Amalie nan New Hotel Company Omar Brown Fire Station, Conference Room #108, 100A Ross Taarenberg
  • Charlotte Amalie nan Tutu Park Mall, 4605 Tutu Park Mall, Suite 233
  • Estate Bordeaux nan Bordeaux Farmers Market, 109 East Bordeaux

St. John

  • Coral Bay nan Town & Country Building, 8-1 Estate Emmaus
  • Cruz Bay nan U.S. Virgin Islands Legislature, St. John Annex

Sivivan yo gen jiska dat limit 18 desanm lan pou enskri opre FEMA pou jwenn asistans. Sivivan yo ki gen aksè nan Entènèt gendwa enskri opre FEMA pou jwenn asistans nan DisasterAssistance.gov, oswa yo ka rele nan 800-621-3362. Moun ki gen yon andikap ki anpeche yo pale oswa ki di pou tande epi ki sèvi ak TTY ta dwe rele nan 800-462-7585 dirèkteman. Moun ki sèvi ak 711 oswa ak Sèvis Relè Videyo (VRS) gendwa rele nan 800-621-3362.

Nimewo telefòn gratis yo ap mache koumanse 7è nan maten rive 11è leswa (è lokal) 7 jou sou 7. Operatè yo pare pou ede sivivan yo ann Angle, Panyòl ak nan anpil lòt lang toujou.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).
Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

Tags:
Dènye mizajou