Pwopriyetè Imobliye nan Zile Vyèj yo Kapab Ede Sivivan Dezas yo

Release Date Release Number
NR-030
Release Date:
October 26, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Si ou gen yon lojman kote plizyè fanmi kapab abite e ki bezwen reparasyon epi ou dakò pou lwe li bay sivivan siklòn ki elijib selon FEMA, alòs Pwogram Lokasyon ak Reparasyon pou Plizyè Fanmi (Multi-Family Lease and Repair Program, MLRP) gendwa enterese w.

Pwogram FEMA sa a bay lajan pou inite lojman pou lokasyon revin abitab, epi anmenmtan li ede sivivan siklòn Irma ak Maria yo.

Men kijan li mache: FEMA gendwa òganize pou yon kontraktyèl tyè fè reparasyon yo oswa ou gendwa chwazi pou ou mande pwòp kontraktyèl pa w fè reparasyon yo, depi nou fin mete ou dakò sou ki reparasyon ki dwe fèt ak pou ki pri. Reparasyon oswa amelyorasyon yo pa bezwen gen rapò ak siklòn oswa inondasyon. Yo pral dedwi valè travo yo nan montan kontra lokasyon an, men li pa ka depase valè total kontra a.

Pou kalifye pou lajan MLRP, pwopriyete w dwe satisfè sèten kritè.

  1. Li dwe gen twa (3) inite oswa plis pou kalifye antanke lojman pou plizyè fanmi. Chak inite lojman dwe gen enstalasyon abitab endepandan pou youn oswa pou plizyè moun, ikonpri enstalasyon pèmanan pou sejou, pou dòmi, pou kwit manje ak pou twalèt.
  2. Li dwe te deja konn sèvi anvan kòm yon inite lojman pou lwe.
  3. Li dwe sitye nan St. Croix, St. John oswa St. Thomas (ikonpri nan Water Island).
  4. Ou dwe dakò pou yo repare oswa amelyore omwens yon inite pou kandida k ap aplike ki andikape yo oswa ki gen lòt bezwen mobilite ak fonksyonèl kapab jwenn aksè.

Epitou, pwopriyete a dwe aksesib pou sèvis kominotè tankou lekòl ak makèt, epi li pa kapab sitye nan yon zòn ki kapab sibi inondasyon. FEMA pral mande yon kontra lokasyon pou itilizasyon eksklizif pwopriyete a antanke lojman tanpoè pou omwnes 18 mwa. Mèt pwopriyete a dwe bay tout sèvis administrasyon pwopriyete a, epi reparasyon yo dwe respekte kòd konstriksyon lokal yo, estanda lokal, règ konsènan kondisyon pou bay lisans ak pou fè enspeksyon ansanm ak lòt lwa toujou.

Kontakte Pwogram Lokasyon ak Reparasyon pou Plizyè Fanmi (Multi-Family Lease and Repair Program) pa imèl nan FEMA-USVI-MLR@fema.dhs.gov si ou gen yon pwopriyete imobilye epi ou enterese pwopoze pwopriyete w pou patisipe nan pwogram lan.

W ap jwenn detay anplis sou paj Facebook Zile Vyèj FEMA an nan www.Facebook.com/FEMAUSVirginIslands.com.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

Tags:
Dènye mizajou