Abitan Zile Vyèj yo Gen Jiska 8 Janvye pou Yo Ka Enskri pou Resevwa Èd Asistans Dezas

Release Date Release Number
NR 62
Release Date:
December 9, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Abitan Zile Vyèj yo ki te sibi domaj poutèt siklòn Irma ak Maria kounye an gen jiska 8 janvye 2018 pou enskri opre Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) an.

Yo deside pwolonje dat limit enskripsyon an pou moun ak fanmi siklòn yo te afekte pou yo ka aplike pou jwenn sibvansyon lajan pou asistans ak lwaye, reparasyon kay ki trè nesesè, pèt pwopriyete pèsonèl ansanm ak lòt gwo bezwen grav ki gen pou wè ak dezas asirans pa garanti. FEMA ankouraje tout moun siklòn yo te afekte pou yo enskri pou jwenn èd.

Sivivan yo gendwa enskri sou Entènèt nan DisasterAssistance.gov oswa yo kapab rele nan 800-621-3362. Moun ki gen yon andikap pou pale oswa ki mal pou tande epi ki sèvi ak TTY ta dwe rele 800-462-7585 dirèkteman. Moun ki sèvi ak 711-Relay oswa Sèvis Relè Videyo gendwa rele nan 800-621-3362. Nimewo telefòn gratis yo ap mache koumanse 7è nan maten rive 11è leswa (è lokal) 7 jou sou 7. Operatè yo pare pou ede sivivan yo ann Angle, Panyòl ak nan anpil lòt lang toujou.

 

Epitou, Sant Redrèsman aprè Dezas (Disaster Recovery Centers, DRC) yo ofri sivivan yo yon kote pou yo enskri fas-a-fas pou jwenn èd aprè yon dezas, espesyalman rezidan yo ki gen pwoblèm pou konekte nan Entènèt. Reprezantan yo ki soti nan FEMA ak nan Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U.S. Small Business Administration, SBA) pare pou reponn kesyon epi pou bay enfòmasyon osijè tip èd federal ki disponib pou pwopriyetè kay, lokatè ak pwopriyetè biznis nan tout zile yo e ki te sibi domaj akòz siklòn yo.

 

Gen nèf (9) DRC ki louvri sou tout teritwa a, soti 8è a.m. rive 5è p.m. lendi pou samdi. Men adrès yo:

  • St. John
    • Cruz Bay nan U.S. Virgin Islands Legislature, St. John Annex, 1D Cruz Bay
    • Coral Bay nan Town & Country Building, 8-1 Estate Emmaus
  • St. Croix
    • Christiansted nan St. Peter’s Episcopal Church, 38-44 Castle Coakley
    • Frederiksted nan Rotary Club West, 40 KA-KD Estate LaGrange
    • Christiansted nan Old Post Office Building at Church and Company streets
    • Christiansted nan Fire Captain Rencelliar I. Gibbs Fire Station, Parcel #1, Estate Cotton Valley, East End (Li pral fèmen mèkredi 13 desanm a 5è p.m.)

 

  • St. Thomas
    • Charlotte Amalie nan ansyen Scotiabank, 81 CC & DD Kronsprindsens Gade
    • Charlotte Amalie nan Tutu Park Mall, 4605 Tutu Park Mall, Suite 233
    • Estate Bordeaux nan Bordeaux Farmers Market, 109 East Bordeaux

 

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Aprè gwo dezas, Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U. S. Small Business Administration, SBA) se premye sous Fon Federal pou asistans redrèsman alontèm. Asistans sa a se prè lajan ki gen enterè ki ba epi li disponib pou tout biznis kèlkeswa gwosè yo ki pa nan agrikilti, òganizasyon prive ki pa pou fè pwofi ansanm ak pou pwopriyetè kay ak lokatè ki gen pwopriyete yo ki domaje akòz dezas la.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

Dènye mizajou