Rete an kontak ak FEMA sou Medya Sosyo yo

Release Date Release Number
86
Release Date:
February 5, 2018

ST. CROIX, Zile Vyèj – Èske ou gen yon kesyon konsènan asistans aprè dezas? Èske ou ta renmen konnen ki kote Sant Redrèsman aprè Dezas (Disaster Recovery Centers) yo ye?

Sivivan siklòn Irma ak Maria yo ap jwenn enfòmasyon epi y ap poze kesyon sou paj Facebook FEMA an nan Zile Vyèj. Ajans la ap mete enfòmasyon ki ajou chak semèn sou Facebook konsènan aktivite redrèsman ak rekonstriksyon yo. Klike sou www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands. Abitan Zile Vyèj yo kapab jwenn enfòmasyon konsènan orè biwo Sant Redrèsman aprè Dezas yo travay, konsèy pou rekonstwi, Gwoup ki la pou Ede Redrèsman Alontèm ansanm ak lòt kalite enfòsmasyon toujou. Epitou yo gendwa poze kesyon epi jwenn repons.

Anplis de Facebook, FEMA ap mete enfòmasyon konsènan aktivite retablisman ak rekonstriksyon yo sou paj wèb li ki pou dezas. Klike sou www.fema.gov/disaster/4340. Sivivan yo kapab swiv FEMA tou nan twitter.com/femaregion2.

Pandan faz redrèsman ak retablisman an, li enpòtan anpil pou gen bon kominikasyon. Gen plizyè fason pou sivivan yo kapab jwenn enfòmasyon ki pral ede yo pandan y ap refè lavi yo.

 

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Aprè gwo dezas, Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U. S. Small Business Administration, SBA) se premye sous Fon Federal pou asistans redrèsman alontèm. Asistans sa a se prè lajan ki gen enterè ki ba epi li disponib pou tout biznis kèlkeswa gwosè yo ki pa nan agrikilti, òganizasyon prive ki pa pou fè pwofi ansanm ak pou pwopriyetè kay ak lokatè ki gen pwopriyete yo ki domaje akòz dezas la.

Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

 

Tags:
Dènye mizajou