Sivivan Siklòn yo: Fè Atansyon pou Fwòd ak Magouyè!

Release Date Release Number
NR-042
Release Date:
November 7, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ansanm ak Ajans Teritoryal Zile Vyèj pou Jesyon Ijans (Virgin Islands Territorial Emergency Management Agency, VITEMA) vle tout moun konnen gen magouyè ki gendwa prezan nan Zile Vyèj Ameriken yo, k ap sible sivivan siklòn Irma ak Mariak ap chèche jwenn asistans pou dezas.

Lè gen dezas, moun gen tandans montre kote pozitif yo, men pou sèten moun, se lè sa a yo vin mechan. Sivivn yo ta dwe rete vijilan tout tan pou pa tounen viktim moun san eskripil sa yo.
Men kèk direktiv pou pwoteje tèt ou oubyen yon moun ou renmen, pou li pa viktim fwòd:

  • Anplwaye federal p ap janm kontakte w pou mande pou ou bay enfòmasyon labank ou oswa nimewo Sosyal Sekirite ou fas-a-fas, nan telefòn, nan yon mesaj tèks oubyen nan yon imèl. Si yo mande w enfòmasyon sa a, pa bay li. Moun ki anfas ou se pa anplwaye redrèsman ak rekonstriksyon ki lejitim. 
  • Anplwaye FEMA yo ansanm ak lòt travayè federal pa mande ni pa aksepte lajan. Yo p ap janm faktire kandida k ap aplike pou asistans dezas, enspeksyon kay oswa èd pou ranpli aplikasyon. Rete vijilan pou ka detekte pwomès manti pou akselere pwosesis asirans, asistans dezas oswa pèmi pou konstwi an – epi pa bay pèsòn lajan pou asistans sa a.
  • Lè ou fas-a-fas avèk yon anplwaye FEMA, toujou mande li pou li prezante badj ID ak foto ki gen kouvèti plastik sou li. Enspektè lojman FEMA, ekip Asistans Sivivan apre Dezas (Disaster Survivor Assistance) ak ekip Entegrasyon Andikap (Disability Integration) yo ap travay kounye an la a nan kominote ki enpakte yo nan tout Zile Vyèj yo. Si yo pa montre w badj yo pandan y ap pwoche w, mande pou w wè li.
  • Anplwaye FEMA ak anplwaye federl yo pa fè kopi badj yo pou voye yo bay sivivan dezas kòm prèv idantite yo anvan yo fè yon vizit. Pa atann ou pou resevwa yon kopi yon badj ki soti nan men yon anpwlaye FEMA ki lejitim. Si yo voye w yon kopi de yon badj, konnen ou ann afè ak yon magouyè. 
  • Se pa paske yon moun gen yon mayo oswa yon djakèt FEMA sou li ki vle di se yon prèv idantite vreman. Tout reprezantan FEMA yo, ikonpri enspektè ki anba kontra nou yo, ap gen kat idantite ak foto an ki anba yon kouvèti plastik.
  • Si yon moun kontakte w nan telefòn, nan imèl owa fas-a-fas epi yo deklare yo reprezante yon òganizasyon lacharite ki ede sivivan yo, mande non egzak, adrès ak nimewo telefòn, adrès sitwèb yo, epi kontakte òganizasyon lacharite dirèkteman epi konfime mooun k ap mande laan an se yon anplwaye oswa yon volontè ki travay pou òganizasyon an vreman. Toujou pran mezi pou asire w ke òganizasyon lacharite a lejitim anvan pou w bay lajan, epi mande yon resi ki gen non, adrès lari, nimewo telefòn ak adrès wèbsayt òganizasyon karitativ la (si posib). Ajans ki pa pou fè pwofi ki lejitim toujou bay resi pou moun kapab dedwi montan lajan yo bay lan de taks yo.
  • Si ou pa sèten oswa ou pa konfòtab avèk kèlkeswa moun ou kontre an ki deklare li se yon ofisyèl jesyon ijans oswa yon anplwaye yon òganizasyon lacharite, pa bay okenn enfòmasyon pèsonèl epi denonse ensidan an.
  • Si ou sispèk yon fwòd, kontakte nimewo gratis Sant Nasyonal pou Fwòd apre yon Dezas  (National Center for Disaster Fraud) nan 866-720-5721 oswa voye òganizasyon sa a yon imèl nan adrès disaster@leo.gov. Pou jwenn plis enfòmasyon konsènan Sant Nasyonal pou Fwòd aprè Dezas (National Center for Disaster Fraud), ale nan www.justice.gov/disaster-fraud.
  • Epitou ou gendwa denonse kenenpòt aktivite sispèk nan youn nan depatman lapolis ki nan Zile Vyèj yo.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.
Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

Tags:
Dènye mizajou