Pwopriyetè ak Lokatè Bato-Kay Ta Dwe Enskri opre FEMA pou jwenn asistans

Release Date Release Number
NR-037
Release Date:
November 2, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Èske ou t ap viv nan yon bato-kay ki te sibi domaj oswa siklòn te kraze pandan mwa septanm? Si ou nan sitiyasyon sa a, ou gendwa kalifye pou asistans dezas federal.

Si ou te abite nan yon bato-kay kòm kay prensipal ou – kèglkeswa si li te pou ou oswa si ou t ap lwe li – Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) gendwa ka ede w. Men se pou enskri opre FEMA rapid jan sa posib pou ou ka konnen si ou kalifye.

Pwogram Endvidyèl ak pou Fwaye Kay FEMA an gen ladann prè lajan pou lojman tanporè, reparasyon nan kay ansanm ak lòt bezwen ki gen pou wè ak dezas. Prè lajan tanporè pèmèt pwopriyetè ak lokatè  kay yo lwe yon lojman pandan yon peryòd tan ki limite lè dezas la fè ke yo pa kapab rete nan kay yo ankò. Sivivan yo kapab chwazi pou lwe yon apatman, yon kay – oswa yon bato-kay.

Prè lajan pou fè reparasyon oswa ranplasman ede pwopriyetè kay ki kalifye yo tounen nan yon kay ki san danje, sanitè ak fonksyonèl. Lajan an se pa pou fè yon kay, ikonpri yon bato-kay, tounen nan eta li te ye anvan dezas la. Yo gendwa sèvi ak prè lajan pou achte yon nouvo kay, pou achte materyo oswa pou anboche kontraktyèl oswa travayè kalifye pou fè reparasyon ki esansyèl.

Yo bay pwopriyetè kay ak lokatè ki kalifye prè lajan Asistans pou Lòt Bezwen pou anpil diferan tip de pèt, ikonpri pou atik kay, mèb, aparèy elektrik, domaj yon machin sibi, zouti pou netwayaj tankou aspirate mouye/sèk oswa pirifikatè lè, depans pou demenaje ak pou depo oswa depans medikal oswa pou dan dezas la lakòz, ikonpri medikaman oswa ekipman ki pèdi.

Yon kay se yon kay menmsi li sou latè fèm oswa sou dlo lanmè. Enskri opre FEMA depi kounye an pou wè si nou kapab ede w refè aprè pasaj siklòn yo.

Sivivan yo ki gen aksè nan Entènèt gendwa enskri opre FEMA pou jwenn asistans nan DisasterAssistance.gov, oswa yo ka rele nan 800-621-3362. Moun ki gen yon andikap ki anpeche yo pale oswa ki di pou tande epi ki sèvi ak TTY ta dwe rele nan 800-462-7585 dirèkteman. Moun ki sèvi ak 711 oswa ak Sèvis Relè Videyo (VRS) gendwa rele nan 800-621-3362.

Nimewo telefòn gratis yo ap mache koumanse 7è nan maten rive 11è leswa (è lokal) 7 jou sou 7. Operatè yo pare pou ede sivivan yo ann Angle, Panyòl ak nan anpil lòt lang toujou.

Epitou ou gen dwa deplase ale nan nenpòt nan nèf (9) Sant Redrèsman aprè Dezas (Disaster Recovery Centers, DRC) ki sou tout teritwa a pou jwenn èd pou enskri opre FEMA epi pou pale ak espesyalis redrèsman. Pou jwenn yon DRC ki toupre w, ale nan http://asd.fema.gov/inter/locator/home.htm.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

Tags:
Dènye mizajou