Sejou Otèl Pwolonje Jiska 10 Fevriye pou Sivivan Siklòn Irma ki Kalifye

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 144
Release Date:
January 5, 2018

ORLANDO, Fla. – Sivivan Siklòn Irma ki kalifye yo ap resevwa Asistans Abri Tranzisyonèl  (TSA) ka resevwa pwolongasyon pou rete tanporèman nan otèl yo pandan yap chèche yon lòt kote pou yo rete.

TSA FEMA ki peye otèl la pou sejou akoutèm te pwolonje apati 6 Janvye pou rive 10 Fevriye 2018, yo dwe kite otèl la nan dat 11 Fevriye. Patisipan yo nan TSA pral resevwa yon koutfil ki di yo keseswa yo kalifye pou pwolongasyon an ak sa yo bezwen fè pou yo ka rete nan otèl aktyèl yo a oswa jwenn yon nouvo otèl. Aplikan yo dwe reponn a sèten kritè nan fason pou yo ka rete kalifye.

Sivivan siklòn Irma yo ki pa aktyèlman nan TSA ki pa kalifye ap ap jwenn notifikasyon otomatikman. Patisipan yo dwe enskri avèk FEMA e yo ka kalifye pou asistans dezas.

FEMA peye dirèkteman pou chanm nan ansanm avèk nenpòt taks ki aplikab. Aplikan yo responsab pou tout lòt depans okazyonèl yo, tankou manje, transpòtasyon, elatriye. Otèl yo ka egzije yon kat kredi pou depans okazyonèl yo.

Yon kay ki gen kat moun oswa mwens otorize pou yonsèl chanm otèl e yon kay ki gen senk oswa plis moun otorize pou yon lòt chanm anplis baze sou yon limit kat moun pa chanm. Yon manm nan chak kay ki gen 18 ane oswa pi gran dwe abite nan chak chanm.

Aplikan TSA ki kalifye yo dwe jwenn epi rezève pwòp chanm otèl yo. Lis otèl patisipan  yo nan DisasterAssistance.gov, anba lyen Transitional Sheltering Assistance Program oswa oswa lè ou telefone liy èd FEMA nan 800-621-3362. Pou TTY, rele 800-462-7585. Pou 711 oswa Sèvis Relè Videyo (VRS), rele 800-621-3362.

Aplikan yo ki gen andikap oswa ki gen aksè a bezwen fonksyonèl ta dwe tcheke avèk otèl yo pou asire akomodasyon apwopriye disponib. Moun ki gen bèt domestik dwe tcheke pou wè si yap aksepte bèt domestik yo.

Aplikan yo dwe montre foto idantifikasyon epi adere avèk nenpòt egzijans pou enskri.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou siklòn Irma ak rekiperasyon Florid, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, @FEMARegion4 Twitter account, oswa Florida Division of Emergency Management website.

 

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak sekouris nou yo pou asire ke antanke peyi nap travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan,  ak diminye tout danje yo.

Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele  800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj.

###

Tags:
Dènye mizajou