Konsèy Gratis pou Rekonstwi ak Fè Reparasyon nan St. Thomas ak St. Croix

Release Date Release Number
105
Release Date:
March 20, 2018

ST. CROIX, Zile Vyèj – Pandan Abitan Zile Vyèj yo ap fè reparasyon ak rekonstwi kay yo siklòn te domaje, FEMA ap ofri konsiltasyon ak dokiman gratis sou fason pou fè kay yo pi solid ak pi sekirize.

Koumanse 19 mas, espesyalis FEMA yo pral prezan pou reponn kesyon epi ofri oryantasyon sou fason moun kapab amelyore kay yo grasa bonjan metòd pou anpeche oswa pou redwi domaj akòz dezas ki gendwa rive pi devan. Pifò enfòmasyon yo ak dokiman gratis yo adapte pou travo moun ki nan kay yo kapab fè poukont yo oswa antreprenè konstriksyon kapab fè.

Konseye yo pral dsponib nan adrès, dat ak lè ki make anba la a:

Zile

Adrès

Dat yo

Lè yo

St. Croix

Gallows Bay Hardware

5020 Anchor Way

Christiansted

19 a 24 mas

Lendi pou vandredi 8è:30 a.m. pou 5è p.m.

Samdi 9è a.m. – 2è p.m.

St. Thomas

Home Depot

1-2 Donoe Road 4000

19 a 24 mas

Lendi pou vandredi 8è:30 a.m. pou 5è p.m.

Samdi 9è a.m. pou 2è p.m.

 

W ap jwenn plis enfòmasyon osijè metòd pou ranfòse pwopriyete nan https://www.fema.gov/protect-your-property.

Espesyalis FEMA yo kapab ofri konsèy jeneral konsènan asirans kont inondasyon. Asirans kont inondasyon se yon etap enpòtan nan preparasyon pou siklòn. Prè lajan FEMA yo pa sipoze garanti tout pèt yo nèt.

Pou rete an kontak ak FEMA, rele Nimewo gratis la nan 800-621-3362. Moun ki sèvi ak 711 oswa Sèvis Relè Videyo (Video Relay Service, VRS) gendwa rele nan 800-621-3362. Moun ki gen yon pwoblèm pou pale oswa ki di pou tande epi ki itilize TTY ta dwe rele FEMA nan 800-462-7585 dirèkteman. Operatè yo pare pou ede sivivan yo nan anpil lang. Nimewo telefòn gratis yo ap mache koumanse 7è nan maten rive 11è leswa (è lokal) 7 jou sou 7, jiskaske nou bay yon lòt enfòmasyon.

 

# # #

Misyon FEMA se pou sipòte moun anvan, pandan ak aprè dezas yo.

Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

 

 

Tags:
Dènye mizajou