FEMA Apwouve $182 Milyon Dola pou Mezi Dijans aprè Siklòn yo nan USVI

Release Date Release Number
102
Release Date:
March 15, 2018

ST. CROIX, Zile Vyèj – Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) te apwouve $182,213,326 prè lajan anplis pou peye pou yo te ka retabli kouran ak retire fatra nan Zile Vyèj Ameriken yo aprè pasaj siklòn Irma ak Maria yo.

Pwogram prè lajan Asistans Piblik (Public Assistance, PA) FEMA an te rezève $173,844,945 bay Otorite Dlo ak Elektrisite Zile Vyèj (VI Water and Power Authority) pou li kapab retabli kouran an nan tout teritwa a. Prè lajan ki rive nan $8,368,381 ototal te otorize pou Otorite Jesyon Dechè nan Zile Vyèj (VI Waste Management Authority) pou li te ka ranmase fatra ak jere dlo sal aprè pasaj tanpèt yo.

Prè lajan sa yo vini anplis sou $254 milyon dola FEMA te deja apwouve kòm lajan prè Asistans Piblik pou mezi pwoteksyon ijan nan Zile Vyèj yo.

Pwogram prè lajan Asistans Piblik FEMA a ofri asistans federal bay òganizasyon leta ak sèten òganizasyon ki pa pou fè pwofi, sou labaz yon deklarasyon dezas Prezidan an anonse. Prè lajan yo gen ladann asistans pou ranmasaj fatra, mezi pwoteksyon ijan pou sove lavi moun ak reparasyon, ranplasman oswa retablisman enstalasyon ki pwopriyete peyi a ki domaje apre pasaj siklòn yo, epi etablisman sèten òganizasyon ki pa pou fè pwofi. Pwogram PA an ankouraje tou pwoteksyon entalasyon ki domaje yo kont evènman ki gendwa rive pi devan, pou yo ka benefisye mezi rediksyon danje pandan kominote a ap refè.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou ed emoun anvan, pandan ak aprè yon dezas.

Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

Tags:
Dènye mizajou