Elve Kay ou: Sa ou Bezwen Konnen ak Fè

Release Date Release Number
FEMA-4337-DR FS 029
Release Date:
December 13, 2017

Si ou se yon mèt kay nan Florid kap rebati apre Siklòn Irma ou ka bezwen elve kay ou pou reponn a règleman jesyon plèn inondasyon kominotè.

Kominote yo kap patisipe nan Pwogram Asirans Nasyonal Inondasyon (NFIP) egzije ke tout kay yo amelyore nan fason ki enpòtan, oswa kay ki te sibi gwo domaj, pou yo bati oswa elve nan oswa piwo nivo Elevasyon Baz Inondasyon (BFE).

Amelyorasyon Sibstansyèl  se yon tèm NFIP itilize e li refere nan rekonstriksyon oswa amelyorasyon yon strikti ki te domaje sibstansyèlman.

Domaj sibstansyèl se yon tèm NFIP itilize tou. Ou ta dwe kontakte otorite biwo lokal ou pou chèche konnen poukisa detèminasyon yon domaj enpòtan te fèt nan yon bilding ou posede siklòn Irma te afekte.

 

Règleman pou elevasyon

  • Ou dwe swiv òdonans egzijans plèn inondasyon epi jwenn bon jan kalite pèmi lè wap rekonstwi. Sa a pral non sèlman rann kay ou pi ansekirite men tou li pral ekonomize lajan nan prim asirans inondasyon federal ou.
  • Anvan ou rebati nan yon Zòn Spesyal ki gen risk Inondasyon (SFHA), asire ke ou verifye avèk otorite bilding lokal yo. Yo responsab pou ranfòse egzijans elevasyon lokal, menm nan zòn kote BFE pa t etabli.
  • Rekonstwi pi elve pase egzijans minimòm nan se toujou yon desizyon saj epi ekonomize nan prim asirans inondasyon.

Pwogram ki disponib pou ede avèk depans konstriksyon

  • Si ou abite nan yon SFHA e ou se yon mèt kay ki gen yon kontra asirans NFIP kay sa yo te andomaje gravman ou ka kalifye pou kouvèti Ogmantasyon Depans pou Konfòmite [Increased Cost of Compliance (ICC)] jiska $30,000. Sa a ka peye pou tout oswa yon pati nan depans pou elve kay ou nan BFE efektif aktyèl la.
  • Ou ka kalifye pou kouvèti ICC si otorite bilding plèn inondasyon lokal ou detèmine swa:
    • Kay ou gen gwo domaj, sa vle di depans pou repare kay inonasyon domaje a 50 pousan oswa plis nan valè mache l anvan-dezas la; oswa
    • Kay ou te sibi domaj repete, sa vle di domaj la te rive de fwa nan dènye 10 ane ki sot pase yo, e depans pou repare domaj inondasyon an, an mwayèn, egal oswa depase 25 pousan nan valè mache kay la nan moman chak inondasyon. De evènman inondasyon sa yo dwe lakoz nan peman reklamasyon asirans inondasyon, ak òdinans jesyon plèn inondasyon kominotè dwe gen yon pwovizyon pou pèt repete.

       

  • Yon bwochi detaye FEMA sou pwosesis pou elve kay ou disponib sou entènèt.

     

  • Gid FEMA pou Modènize kay yo bay plis enfòmasyon sou elve kay ou.

     

  • Pwogram Sibvansyon Rediksyon Danje FEMA,  Pwogram Asistans Rediksyon Inondasyon [Flood Mitigation Assistance Program] ak Pre-Disaster Mitigation Grant Program yo tout enkli nan elevasyon pwopriyete a tankou yon kalite pwojè kalifye. Kominote lokal ou, se pa sivivan endividyèl yo, dwe aplike pou sibvansyon rediksyon danje. Pou w kalifye, ou dwe reponn a tout kritè elijiblite epi apresa aplike atravè kominote lokal ou, ki aplike nan Eta.  Eta a apresa soumèt aplikasyon nan FEMA pou revizyon ak apwobasyon. Apwobasyon pwojè nesesè anvan konstriksyon an ka kòmanse.  

     

  • Enfòmasyon sou rediksyon danje nan Divizyon Jesyon Ijans Florid disponib sou entènèt nan: https://floridadisaster.org/Mitigation/index.htm.
  • Administrasyon Ti Biznis Etazini (SBA) se sous finansman prensipal gouvènman federal la pou rekonstriksyon alontèm pwopriyete prive yo ki te andomaje nan dezas la. SBA ede biznis tout gwosè, òganizasyon non-pwofi yo, mèt kay ak lokatè finanse reparasyon ak efò rekonstriksyon avèk prè dezas a fèb enterè. Prè sa yo kouvri pèt ki pa fin konpanse antyèman pa asirans oswa lòt sous e li pa double benefis lòt ajans oswa òganizasyon yo.
    • Yo ka ogmante prè yo pa jiska 20 pousan nan pèt fizik verifye pou mezi rediksyon danje (pa pou depase $200,000) sa ki gen ladan:
      • Elevasyon bilding;
      • Kenbe miray yo;
      • dig;
      • Ponp pwiza; ak
      • Relokalize sèvis piblik yo.
  • Pou w jwenn plis enfòmasyon, aplikan yo ka kontakte SBA’s Disaster Assistance Customer Service Center lè ou rele 800-659-2955, imèl disastercustomerservice@sba.gov, oswa vizite sitwèb SBA nan https://www.sba.gov/disaster-assistance/hurricane-irma. Moun ki soud ki gen difikilte pou tande ka rele 800-877-8339. Delè limit pou aplike pou yon prè dezas SBA se 24 Novanm 2017.

     

###

Tags:
Dènye mizajou