Sant Redrèsman aprè Dezas yo pral Rekòmanse Travay selon Orè Biwo Nòmal aprè Fèt Fen Dane yo

Release Date Release Number
NR 72
Release Date:
December 29, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Sant Redrèsman aprè Dezas (Disaster Recovery Centers, DRC) yo ki toupatou nan Zile Vyèj Ameriken yo pral rekòmanse travay pandan orè biwo nòmal yo apatide 2 janvye 2018.

DRC yo pral louvri lendi pou vandredi soti 8è a.m. jiska 5è p.m. ak samdi soti 9è a.m. jiska 2è p.m.

DRC yo ofri sipò fas-a-fas bay moun ak pwopriyetè biznis. Espesyalis redrèsman ki soti nan Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ansanm ak Administrasyon TiBiznis Etazini (U.S. Small Business Administration, SBA) pral prezan nan sant yo pou pale konsènan asistans epi pou ede nenpòt moun ki bezwen èd pou ranpli yon aplikasyon. FEMA ankouraje tout moun ki te viktim siklòn Irma ak Maria pou yo enskri pou jwenn asistans.

Aprè 1ye janvye, pral gen sèt (7) sant redrèsman ki louvri sou tout teritwa a soti 8è a.m. jiska 5è

  1. lendi pou vandredi epi samdi soti 9è a.m. jiska 2è p.m.
    • St. John
      • Cruz Bay nan U.S. Virgin Islands Legislature, St. John Annex, 1D Cruz Bay
      • Coral Bay nan Town & Country Building, 8-1 Estate Emmaus
    • St. Croix
      • Christiansted nan St. Peter’s Episcopal Church, 38-44 Castle Coakley
      • Frederiksted nan Rotary Club West, 40 KA-KD Estate LaGrange
      • Christiansted nan Old Post Office Building nan kwen Church ak Company streets
    • St. Thomas
      • Charlotte Amalie nan ansyen Scotiabank, 81 CC&DD Kronsprindsens Gade
      • Charlotte Amalie nan Tutu Park Mall, 4605 Tutu Park Mall, Suite 233

 

Sivivan yo gen jiska dat limit 8 janvye 2018 lan pou enskri opre FEMA pou resevwa asistans epi pou aplike pou prè lajan SBA pou pwopriyetè kay, lokatè ak biznis ki gen tout gwosè. Sivivan yo ki gen koneksyon nan Entènèt gendwa enskri nan DisasterAssistance.gov oswa yo ka rele nan 800-621-3362. Moun ki gen yon andikap pou pale oswa ki mal pou tande epi ki itilize TTY ta dwe rele nan 800-462- 7585 dirèkteman. Moun ki sèvi ak 711 oswa ak Sèvis Relè Videyo (Video Relay Service, VRS) gendwa rele nan 800-621-3362.

Nimewo telefòn gratis yo ap mache koumanse 7è nan maten rive 11è leswa (è lokal) 7 jou sou 7. Operatè yo pare pou ede sivivan yo ann Angle, Panyòl ak nan anpil lòt lang toujou.

###

 

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo)

(TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Aprè gwo dezas, Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U. S. Small Business Administration, SBA) se premye sous Fon Federal pou asistans redrèsman alontèm. Asistans sa a se prè lajan ki gen enterè ki ba epi li disponib pou tout biznis kèlkeswa gwosè yo ki pa nan agrikilti, òganizasyon prive ki pa pou fè pwofi ansanm ak pou pwopriyetè kay ak lokatè ki gen pwopriyete yo ki domaje akòz dezas la.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org. Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org.

Tags:
Dènye mizajou