Yo Mande pou Enstitisyon Kiltirèl yo Aplike pou Asistans Dezas pou Ede Pwoteje Istwa Zile la

Release Date Release Number
NR 046
Release Date:
November 10, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Zile Vyèj Ameriken yo gen yon eritaj ki rich, li gen mize, achiv, bibliyotèk, sit akeyolojik ak distri istorik sou tout teritwa li. Anpil nan resous kiltirèl ki gen anpil valè sa yo te sibi gwo domaj pandan siklòn Irma ak Maria – epi petèt pa gen anpil tan ki rete anvan pou fè reparasyon pou sove dokiman istorik ak objè atistik yo.

Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) vle pou òganizasyon kiltirèl yo konnen gendwa gen èd pou redrèsman ak rekonstriksyon ki disponib ki soti nan divès sous. Pou kapab benefisye nan tout kalite asistans ki gendwa disponib, li enpòtan pou òganizasyon sa yo prezante yon Demann pou Asistans Piblik (Request for Public Assistance, RPA) opre Ajans Zile Vyèj pou Jesyon Ijans (Virgin Islands Emergency Management Agency, VITEMA) anvan dat limit 20 novanm lan. Toulede dezas siklòn yo gen menm dat limit lan.

Direktè Depatman Enfrastrikti FEMA an, Chris Hartnett, deklare konsa: “Yon RPA se yon fòm ki tou senpman di VITEMA ak FEMA ke etablisman ou te sibi domaj siklòn epi ou ta renmen jwenn plis enfòmasyon osijè asistans redrèsman ki gendwa disponib. Lè ou voye fòm la avan dat limit la fin pase, sa pèmèt espesyalis redrèsman ak rekonstriksyon yo gide w ak ede w chwazi opsyon asistans ki kapab sove mòso nan istwa zile la ki nan men ou epi fè òganizasyon ou retabli apre pasaj siklòn yo.” 

Nou konseye òganizasyon kiltirèl yo pou yo prezante yon reklamasyon opre konpayi asirans yo, poutèt asistans federal pa kapab peye yon dezyèm fwa peman asirans yo te peye pou satisfè demann konpansasyon yo. Depi asirans yo fin peye konpansasyon, lajan federal pou redrèsman gendwa vini sou fòm prè lajan ki gen yon enterè ki ba ki soti nan Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U.S. Small Business Administration, SBA) oswa prè lajan nan pwogram Asistans Piblik (Public Assistance) FEMA an. Asistans sa a se yon asistans estanda li ye ki disponib pou òganizasyon prive ki pa pou fè pwofi (PNP) ki kalifye apre yon dezas.

Epitou, yon ekip entèvansyon nasyonal k ap travay sou zile yo kapab bay enfòmasyon konsènan anpil kalite sibvansyon ak asistans espesyalize pou òganizasyon kiltirèl yo. Ekip Entèvansyon Nasyonal Eritaj (The Heritage Emergency National Task Force, HENTF), FEMA ak Smithsonian Institution ap ko-esponsòrize, se yon patenarya ant 58 ògnizasyon sèvis nasyonal ak federal ki te kreye pou pwoteje eritaj kiltirèl kont dezas natirèl ansanm ak lòt ijans.

Yon reprezantan HENTF pral bay resous adisyonèl epi prezante opòtinite prè lajan potansyèl pou enstitisyon kiltirèl; pou sa, li pral òganize sesyon enfòmasyon yo pral anonse byento nan St. Croix ak St. Thomas. Espesyalis FEMA yo nan domèn Konsèvasyon Anviwònmantal ak Istorik ak nan Asistans Piblik ansanm ak reprezantan ki soti nan Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U.S. Small Business Administration, SBA), pral pare tou pou diskite pwogram asistans federal yo.

Òganizasyon kiltirèl yo ki vle enfòmasyon konsènan dat ak adrès pou sesyon sa yo gendwa al gade nan www.Facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Enstitisyon kiltirèl yo ka kalifye pou resevwa asistans federal antanke PNP si yo kapab prezante yon lèt IRS 501 (c), (d) oswa (e) yon dokiman ki ba yo egzanpsyon taks teritwa a remèt yo ki sètifye òganizasyon an pa chèche pwofi, li pa pwodwi okenn revni epi se yon antite ki bay yon sèvis leta ki esansyèl.

Pou jwenn plis enfòmasyon konsènan founisè sèvis esansyèl ak kritik ki aklifye ak fason pou kalifye PNP yo kapab kalifye, al gade nan Pwogram Asistans Piblik ak Gid sou Politik la ki sou wèbsayt FEMA a nan https://www.fema.gov/public-assistance-policy-and-guidance.
Kandida yo gendwa telechaje fòm RPA a nan https://www.fema.gov/media-library/assets/documents/10145 epi voye li tounen bay kontak gouvènman teritoryal sila yo:

St. Croix: 
Malinda K. Vigilant-Messer
Deputy Public Assistance Officer
Biwo: 340-773-2244
malinda.vigilant@vitema.vi.gov

St. Thomas/St. John:
Renata Christian-West
Territorial Public Assistance Officer
Biwo: 340-774-3244
mailto:renata.christian@vitema.vi.gov

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Apre gwo dezas, Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U. S. Small Business Administration, SBA) se sous prensipal lajan federal pou asistans redrèsman alontèm. Yo bay asistans sa a sou fòm prè lajan ki gen to enterèki ba epi li disponib bay biznis ki pa nan sektè agrikilti epi ki gen tout gwosè, òganizasyon prive ki pa pou fè pwofi ansanm ak bay pwopriyetè kay ak lokatè dezas la te domaje pwopriyete yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2. www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

Tags:
Dènye mizajou