Sivivan Zile Vyèj yo Gen Plis Tan pou Enskri opre FEMA

Release Date Release Number
NR 027
Release Date:
October 21, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Sivivan siklòn Irma ak Maria nan Zile Vyèj Ameriken yo gen jiska 18 desanm pou enskri ak FEMA.

FEMA te apwouve demann gouvènman teritoryal la pou pwolonje dat limit yo epi pou mete menm dat limit la pou toulede dezas.

Ofisye Kowòdinasyon Federal FEMA, William Vogel, deklare: “Nou konprann difikilte ki kontinye genyen pou kominike e pann kouran an fè ke li difisil pou sèten Abitan Zile Vyèj yo enskri opre FEMA, epi nou vle sèten tout moun te gen posibilite pou enskri.”

Sivivan ki gen aksè nan Entènèt gendwa deplase pou ale nan yon Sant Redrèsman apre Dezas soti 8è nan maten rive 5è leswa pou kontre avèk yon espesyalis aplikasyon epi jwenn asistans pou enskri.

Adrès Sant redrèsman St. Croix yo se:

  • Frederiksted nan Rotary Club West, 40 KA-KD Estate LaGrange
  • Christiansted nan Ansyen Bilding Lapòs Old Post Office Building ki nan Church ak Company streets
  • Christiansted nan Estasyon Ponpye Fire Captain Rencelliar I. Gibbs Fire Station nan Pasèl #1, Estate Cotton Valley, East End

Adrès Sant redrèsman St. Thomas yo se:

  • Charlotte Amalie nan New Hotel Company Omar Brown Fire Station, Conference Room #108, 100A Ross Taarenberg.
  • Estate Bordeaux nan Bordeaux Farmers Market, 109 East Bordeaux

Sivivan yo ki gen aksè nan Entènèt gendwa enskri opre FEMA pou jwenn asistans nan DisasterAssistance.gov, oswa yo ka rele nan 800-621-3362. Moun ki gen yon andikap ki anpeche yo pale oswa ki di pou tande epi ki sèvi ak TTY ta dwe rele nan 800-462-7585 dirèkteman. Moun ki sèvi ak 711 oswa ak Sèvis Relè Videyo (VRS) gendwa rele nan 800-621-3362.

Nimewo telefòn gratis yo ap mache koumanse 7è nan maten rive 11è leswa (è lokal) 7 jou sou 7. Operatè yo pare pou ede sivivan yo ann Angle, Panyòl ak nan anpil lòt lang toujou.

Sivivan yo gendwa elijib pou resevwa sibvansyon pou repare ak rekonstwi kay yo epi/oswa ranplase pwopriyete pèsonèl enpòtan yo. Sivivan yo pa bezwen repeye sibvansyon FEMA bay yo, men yo pa kapab touche menm avantaj yo plizyè fwa ki soti nan sous diferan, tankou pwoteksyon asirans. Asistans FEMA pa taksab epi li p ap afekte kalifikasyon pou Sekirite Sosyal, Medicaid oswa lòt avantaj gouvènman federal bay.

Epitou, ekstansyon an bay sivivan yo plis tan pou aplike pou prè lajan ki gen enterè ki ba nan men Administrasyon Etazin pou TiBiznis (U.S. Small Business Administration, SBA), ki se sous lajan prensipal gouvènman federal lan pou rekonstriksyon alontèm pwopriyete prive dezas te domaje. SBA ede biznis kèlkeswa gwosè yo, òganizasyon prive ki pa pou fè pwofi, pwopriyetè kay ak lokatè finanse reparasyon oswa aktivite rekonstriksyon epi garanti depans pou ranplase pwopriyete pèsonèl ki pèdi oswa ki domaje.

Sivivan yo gendwa deplase pou ale nan yon Sant Redrèsman apre Dezas, rele Sant Sèvis Kliyan SBA an nan 800-659-2955 oswa al gade nan www.sba.gov/disaster pou jwenn plis enfòmasyon konsènan prè lajan apre yon dezas. Epitou, sivivan yo gendwa voye yon imèl kote yo make kesyon yo vle poze yo ba disastercustomerservice@sba.gov. Moun ki soud oswa ki di pou tande kapab rele nan 800-877-8339. Kandida yo gendwa aplike sou Entènèt grasa wèbsayt sekirize SBA an nan https://disasterloan.sba.gov/ela.


###


Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Apre gwo dezas, Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U. S. Small Business Administration, SBA) se premye sous Fon Federal pou asistans redrèsman alontèm. Asistans sa a se prè lajan ki gen enterè ki ba epi li disponib pou tout biznis kèlkeswa gwosè yo ki pa nan agrikilti, òganizasyon prive ki pa pou fè pwofi ansanm ak pou pwopriyetè kay ak lokatè ki gen pwopriyete yo ki domaje akòz dezas la.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

Tags:
Dènye mizajou