Rete de semèn pou Mèt, Lokatè ak Biznis yo nan Florid Aplike pou Asistans Dezas

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 103
Release Date:
November 10, 2017

ORLANDO, Fla. – Si ou se yon mèt kay, lokatè oswa pwopriyetè biznis nan Florid ki te sibi domaj nan kay yo akoz Siklòn Irma ou gen de semèn ki rete pou enskri epi aplike pou asistans dezas federal.

Delè limit pou enskri pou asistans FEMA ak pou aplike pou prè dezas a fèb enterè nan Administrasyon Ti Biznis nan Etazini (SBA) se Vandredi 24 Novanm 2017.

Sivivan yo ta dwe enskri menmsi yo gen asirans. FEMA pa kapab double peman asirans, men mèt kay ak lokatè ki kalifye yo ka anmezi pou resevwa lajan nan FEMA pou pèt asirans lan pa kouvri pou ede peye pou reparasyon debaz nan kay la, asistans tanporè pou lwaye ansanm avèk lòt bezwen tankou ranplase byen pèsonèl. Asistans Endividyèl FEMA se lajan sibvansyon ou pa bezwen repeye.

Ou ka enskri nan youn nan fason ki annaprè yo:

Sou entènèt nan DisasterAssistance.gov.

Rele liy Èd FEMA nan  800-621-3362 pou vwa,  711 ak Sèvis Relè Videyo (VRS). Si ou soud, gen difikilte pou tande, oswa si ou gen yon pwoblèm pou pale e ou itilize yon TTY, rele 800-462-7585.  Èd disponib nan pifò lang yo. Liy Èd yo ouvè apati 7 a.m. rive 11 p.m. LÈ nan LÈS, sèt jou pa semèn.

Enfòmasyon sou pwosesis enskripsyon an disponib nan ASL nan: fema.gov/medialibrary/assets/videos/111546.

Telechaje FEMA Mobile App  epi aplike.

Ou ka vizite tou yon Sant Rekiperasyon Dezas. Wap jwenn yon lis DRC disponib sou entènèt nan FEMA Mobile App, nan fema.gov/disaster-recovery-centers oswa lè ou rele Liy èd FEMA.

Espesyalis FEMA yo nan DRC yo pou reponn kesyon w yo sou kijan pou enskri pou asistans dezas federal, eksplike sa ki te rive avèk aplikasyon w lan epi ba ou konsèy sou kijan ou ka jwenn èd pou domaj yo asirans lan pa kouvri.

Apre ou fin enskri avèk FEMA, ou ka aplie pou yon prè dezas SBA a fèb enterè. Ale sou entènèt lè ou itilize Aplikasyon Prè Elektwonik atravè sitwèb SBA ki ansekirite nan https://disasterloan.sba.gov/ela. reprezantan SBA yo disponib tou nan sant rekiperasyon dezas yo.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon an, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, oswa swiv nou @FEMARegion4 on Twitter ak sou  FEMA’s Facebook page.

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak sekouris nou yo pou asire ke antanke peyi nap travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan,  ak diminye tout danje yo.

Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele  800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj. 

###

Tags:
Dènye mizajou