Twazyèm Sant Redrèsman apre Dezas Louvri St. Thomas pou Sivivan Siklòn yo

Release Date Release Number
NR 028
Release Date:
October 23, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj — Yon Twazyèm Sant Redrèsman apre Dezas (Disaster Recovery Center, DRC) louvri jodi a St. Thomas pou bay enfòmasyon epi ede sivivan yo apre pasaj siklòn Irma ak Maria.

Tankou tout DRC yo ki nan Zile Vyèj, nouvo sant lan louvè soti 8è AM rive 5è PM toulejou jiskaske yo bay lòt enfòmasyon. Adrès li se:

·Tutu Park Mall, 4605 Tutu Park Mall, Suite 233, Charlotte Amalie.

Sant Redrèsman apre Dezas yo ofri sipò fas-a-fas bay pwopriyetè kay, lokatè ak pwopriyetè tibiznis sou labaz deklarasyon ofisyèl gwo dezas gouvènman an te anonse apre pasaj siklòn yo.

Espesyalis redrèsman yo ki soti nan Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ak nan Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U.S. Small Business Administration, SBA) pare pou ede sivivan yo enskri pour esevwa asistans, pou bay enfòmasyon osijè èd federal ki disponib epi pou reponn kesyon.

Adrès de (2) lòt sant redrèsman ki St. Thomas yo se:

·New Hotel Company Omar Brown Fire Station, Conference Room #108, 100A Ross Taarenberg, Charlotte Amalie, epi

·Bordeaux Farmers Market, 109 East Bordeaux, Estate Bordeaux.

Sivivan yo ki gen aksè nan Entènèt gendwa enskri opre FEMA pou jwenn asistans nan DisasterAssistance.gov, oswa yo ka rele nan 800-621-3362. Moun ki gen yon andikap ki anpeche yo pale oswa ki di pou tande epi ki sèvi ak TTY ta dwe rele nan 800-462-7585 dirèkteman. Moun ki sèvi ak 711 oswa ak Sèvis Relè Videyo (VRS) gendwa rele nan 800-621-3362.

Nimewo telefòn gratis yo ap mache koumanse 7è nan maten rive 11è leswa (è lokal) 7 jou sou 7. Operatè yo pare pou ede sivivan yo ann Angle, Panyòl ak nan anpil lòt lang toujou.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800- 462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org. Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org.

 

Tags:
Dènye mizajou