Sant Rekiperasyon Dezas Tanporè ap ouvè nan dat 28 Septanm nan Cocoa

Release Date Release Number
R4 DR-4337-FL NR 025
Release Date:
September 27, 2017

ORLANDO, Fla. – Yon Sant Rekiperasyon Dezas (DRC) ap ouvè Jedi 28 Septanm nan Cocoa pou ede sivivan tanpèt yo nan Florida, etablisman an ap ouvè pou kat jou, jiska 6p.m. Dimanch 1ye Oktòb.

DRC, tankou sa a se resous dezas tanporè ki pèmèt otorite lokal ak eta ogmante kapasite yo a anpil zòn ki afekte ansanm avèk sivivan yo otan ke posib.    

Sant Rekiperasyon Dezas la ofri sipò an-pèson pou moun ak ti biznis yo. Espesyalis Rekiperasyon yo soti nan Administrasyon Jesyon Ijans Federal (FEMA), Administrasyon Ti Biznis nan Etazini  [U.S. Small Business Administration (SBA)], ak Eta disponib pou bay asistans a nenpòt moun nan ranpli aplikasyon oswa mete estati yo ajou. Óganizasyon volontè yo disponib e yo ofri yon varyete sèvis pou ede sivivan yo rekipere.

DRC a lokalize nan adrès ki annaprè a:

Brevard County
Brevard County Agricultural Center

3695 Lake Drive
Cocoa, FL 32926
Èdtan: 8:00a.m. pou rive 6:00p.m. apati Jedi 28 Septanm pou rive Dimanch 1ye Oktòb.

Pwosesis enskripsyon an se premye etap nan rekiperasyon  an e li egzije enfòmasyon tankou kontra asirans, ak enfòmasyon labank pou posib transfè lajan dirèk. Nou ankouraje sivivan yo pou enskri anvan yo vizite yon DRC.

Si ou gen telefòn ak/oswa aksè entènèt, ou ka enskri nan youn nan fason ki annaprè yo:

  • Sou entènèt nan DisasterAssistance.gov.
  • Rele liy Èd FEMA nan 800-621-3362 pou vwa, 711 ak Sèvis Relè Videyo (VRS). Si ou soud, gen difikilte pou tande, oswa si ou gen yon pwoblèm pou pale e ou itilize yon TTY, rele 800-462-7585.Enfòmasyon sou pwosesis enskripsyon an disponib nan ASL nan: fema.gov/medialibrary/assets/videos/111546.
  • Èd disponib nan pifò lang yo.
  • Telechaje FEMA Mobile App  epi aplike

Si w deja enskri, li pa nesesè pou vizite yon DRC, men ou ka toujou vle ale pou pale avèk yon Espesyalis Rekiperasyon pou mete estati w ajou oswa jwenn èd nan men lòt òganizasyon yo.

Yon lis DRC yo disponib sou FEMA Mobile App, sou entènèt nan fema.gov/disaster-recovery-centers oswa lè ou rele Liy Èd FEMA nan 800-621-3362, (TTY) 800-462-7585. Pou TTY yo rele 800-462-7585. Nimewo Telefòn Liy Èd yo ouvè apati 7 a.m. pou rive 11 p.m. EDT, sèt jou pa semèn.

Ou ka gen lòt bezwen pandan wap vizite yon DRC:

  • Si w bezwen yon akomodasyon rezonab tankou entèprèt Langaj Siy, Bray, gwo enpresyon, elatriye., ou ka rele nimewo liy Èd la pou sipò nan800-621-3362.
  • Yo ofri tradiksyon lang grasa sèvis Entèpretasyon nan Telefòn nan 200 lang.

Ekip Asistans pou Sivivan Dezas  (DSA) ap mache nan zòn ki afekte yo e yo ka fè enskripsyon pou sivivan yo pou asistans FEMA, si nesesè. Lè rezidan yo bezwen plis asistans, ekip yo ka refere yo nan yon  DRC.

Ou pa bezwen repeye sibvansyon FEMA. Pa gen taks sou Èd FEMA e li pa pral afekte elijiblite w pou benefis Sekirite Sosyal, Medicaid oswa lòt benefis federal.

Sivivan yo ta dwe enskri menmsi yo gen asirans. FEMA pa ka repwodui peman asirans lan, men aplikan yo ki manke asirans ka resevwa èd apre yo fin regle reklamasyon yo.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon an, vizite fema.gov/hurricane-irma.

Brenen Sidwell (left) and Edith Lovell, FEMA Individual Assistance representatives, register Hurricane Irma survivor, Gustavo Ramos, for assistance at the Disaster Recovery Center in St. Augustine, Florida

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak sekouris nou yo pou asire ke antanke peyi nap travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan,  ak diminye tout danje yo.

Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele  800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA.

Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj

Tags:
Dènye mizajou