Sant Redrèsman aprè Dezas St. Thomas ap Fèmen epi yon Lòt ap Louvri

Release Date Release Number
NR 045
Release Date:
November 9, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj — Sant Redrèsman aprè Dezas (Disaster Recovery Center) nan New Hotel Company Omar Brown Fire Station nan St. Thomas pral fèmen pou toujou a 5è PM samdi, epi yon nouvo sant redrèsman pral louvri lendi.
Nouvo DRC an pral sitye nan Charlotte Amalie nan ansyen Scotiabank, 81 CC&DD Kronprindsens Gade.

Tankou tout sant redrèsman yo ki sou tout zile yo, li pral louvri lendi pou samdi soti 8è AM rive 5è PM jiskaske yo fè yon lòt anons.

Espesyalis redrèsman ak rekonstriksyon Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ak nan Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U.S. Small Business Administration, SBA) disponib pou ede pwopriyetè kay, lokatè ak pwopriyetè tibiznis enskri pou kapab jwenn asistans. Epitou espesyalis yo kapab bay enfòmasyon konsènan èd federal ki disponib epi reponn kesyon yo.

Gen de (2) lòt sant redrèsman ki louvri tou St. Thomas nan adrès sa yo:

  • Charlotte Amalie nan Tutu Park Mall, 4605 Tutu Park Mall, Suite 233
  • Estate Bordeaux nan Bordeaux Farmers Market, 109 East Bordeaux

Sivivan yo pral gen jiska dat limit 18 desanm lan pou enskri opre FEMA pou jwenn asistans. Sivivan yo ki gen aksènan Entènèt gendwa enskri nan DisasterAssistance.gov oswa yo ka rele nan 800-621-3362. Moun ki gen yon andikap pou pale oswa ki di pou tande epi ki itilize TTY ta dwe rele nan 800-462-7585 dirèkteman. Moun ki itilize 711 oswa Sèvis Relè Videyo (Video Relay Service, VRS) gendwa rele nan 800-621-3362.

Nimewo telefòn gratis yo ap mache koumanse 7è nan maten rive 11è leswa (è lokal) 7 jou sou 7. Operatè yo pare pou ede sivivan yo ann Angle, Panyòl ak nan anpil lòt lang toujou.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.
Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org


 

Tags:
Dènye mizajou