Samdi 27 janvye Dènye Jou pou Vizite Sant Redrèsman après Dezas la ki nan Ansyen Scotia Bank

Release Date Release Number
081
Release Date:
January 22, 2018

ST. CROIX, Zile Vyèj – 27 janvye se dènye jou pou ale nan Sant Redrèsman aprè Dezas (Disaster Recovery Center, DRC) la ki nan ansyen Scotia Bank nan Charlotte Amalie, St. Thomas.

Aprè sant la fèmen, pou wjenn èd annik rele oswa ale sou Entènèt. Suivian yo gendwa chèhe konnen nan ki pwen reklamasyon yo preszante devan Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) lan rive nan DisasterAssistance.gov oswa yo gendwa rele nan 800-621-3362. Moun ki gen yon andikap pou pale oswa ki di pou tande epi ki sèvi ak TTY ta dwe rele nan      800-462-7585 dirèkteman. Moun ki itilize 711 oubyen Sèvis Relè Videyo (Video Relay Service, VRS) gendwa rele 800-621-3362.

Konsènan kesyon osijè prè lajan ki gen enterè ki fèb bay pwopriyetè kay, lokatè ak biznis, nimewo sèvis kliyan Administrasyon TiBiznis Etazini (U.S. Small Business Administration, SBA) se 800-659-2955.

DRC yo ki toupatou sou teritwa a kapab asiste sivivan siklòn Irma ak Maria; pou fè sa, yo pral ofri sipò fas-a-fas bay moun ak biznis ki sibi domaj poutèt siklòn yo. Espesyalis FEMA ak SBA yo disponib pou ede moun ki mande enfòmasyon pou konnen nan ki pwen reklamasyon FEMA oswa demann prè lajan SBA yo rive.

Sant redrèsman ak rekonstriksyon yo louvri soti 8è a.m. pou 5è p.m. lendi pou vandedi epi soti 9è a.m. pou 2è p.m. samdi.

  • St. John
    • Cruz Bay nan U.S. Virgin Islands Legislature, St. John Annex, 1D Cruz Bay
  • St. Croix
    • Frederiksted nan Rotary Club West, 40 KA-KD Estate LaGrange
    • Christiansted nan Old Post Office Building nan kwen Church ak Company streets
  • St. Thomas
    • Charlotte Amalie nan Tutu Park Mall, 4605 Tutu Park Mall, Suite 233

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Aprè gwo dezas, Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U. S. Small Business Administration, SBA) se premye sous Fon Federal pou asistans redrèsman alontèm. Asistans sa a se prè lajan ki gen enterè ki ba epi li disponib pou tout biznis kèlkeswa gwosè yo ki pa nan agrikilti, òganizasyon prive ki pa pou fè pwofi ansanm ak pou pwopriyetè kay ak lokatè ki gen pwopriyete yo ki domaje akòz dezas la.

Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

Tags:
Dènye mizajou