Resous pou Bezwen Sivivan Siklòn Irma yo ki pa satisfè

Release Date Release Number
FEMA-4337-DR FS 034
Release Date:
February 2, 2018

ORLANDO, Fla. – Sivivan Siklòn Irma yo ki gen bezwen ki pa satisfè ka jwenn èd grasa resous eta ak federal ki liste anba.

Èd Eta:


Resous rekiperasyon Biznis Florid:

  • Biznis Florid yo ki te afete nan Katastwòf
    Sant Operasyon Ijans Biznis Pratik Florid bay enfòmasyon ak resous pou biznis anrejistre ki te afekte nan yon katastwòf, sa ki gen ladan nouvèl ak sa pou fè apre yon katastwòf. Biznis yo ka pataje nivo domaj yo te soufri a. Vizite www.flvbeoc.org.
     
  • Divizyon Jesyon Ijans Florid
    Otorite Divizyon Jesyon Ijans Eta Florid pòtal pou biznis yo bay yon twous enfòmasyon pou ede prepare pou ak rekipere nan katastwòf. Vizite www.floridadisaster.org/dem.
     

Asistans Federal:

  • Depatman Lojman ak Devlopman Iben Etazini (HUD)  
    Seksyon 203(h) Asirans Ipotèk pou Viktim Katastwòf yo ap ede sivivan yo jwenn yon ipotèk pou yon nouvo kay oswa rebati kay yo ki te andomaje. Seksyon 203(k) Asirans Ipotèk Reyabilitasyon bay moun kap achte kay ak mèt kay yo de chwa:
    • Achte oswa refinanse yon kay ansanm avèk depans reyabilitasyon avèk yon ipotèk senp; oswa
    • Finanse reyabilitasyon kay aktyèl ou a.

Yo ka itilize lajan pou travay reyabilitasyon, apati ti reparasyon pou rive a rekonstriksyon total.

Pou w kalifye pou Seksyon 203(h) Viktim Katastwòf pou Asirans Ipotèk, aplikan yo dwe:

  • Posede yon kay yonsèl fanmi ki te andomaje oswa detwi nan Siklòn Irma ant 4 Septanm ak 18 Oktòb 2017; ak
  • Viv nan youn nan konte Florid yo ki te deziyen nan deklarasyon an.

Seksyon 203(k)-prè asire yo ka finanse:

  • Seksyon reyabilitasyon rezidansyèl yon kay ki gen itilizasyon non-rezidansyèl tou. Konvèsyon pwopriyete nenpòt gwosè yon inite pou rive a estrikti kat-inite.

Pou kalifye pou Seksyon 203(k) Asirans Ipotèk Reyabilitasyon, aplikan yo dwe:

  • Anmezi pou fè peman ipotèk chak mwa; e
  • Renove yon kay omwen yon lane.

Pou w aprann plis, ale sou entènèt nan hud.gov. Pou w jwenn yon kreditè apwouve ki toupre w, vizite www.hud.gov/program_offices/housing/sfh/lender/lenderlist.
 

  • Depatman Sèvis Imen ak Sante Etazini (HHS)
    Sitwèb pou divizyon Biwo Dwa Sivil HHS bay enfòmasyon sou planifikasyon efikas, repons ak rekiperasyon pou moun ki gen bezwen spesyal. Anvan, pandan ak apre yon katastwòf, manm yo nan popilasyon sa ka gen plis bezwen pou kenbe endepandans, kominikasyon, transpòtasyon, sipèvizyon ak swen medikal. Vizite www.hhs.gov/sites/default/files/ocr/civilrights/resources/specialtopics/emergencypre/eptr ainingppt.pdf.
     
  • Administrasyon Sèvis Sante Mantal ak Abi Sibstans (SAMHSA)
    SAMHSA Liy Èd Detrès Katastwòf, yon liy, ki ofri konsèy pou kriz nan ka katastwòf pandan tout ane a. Ou ka rele 800-985-5990 (TTY 800-846-8517) 24 èdtan pa jou, sèt jou pa ane. Si ou santi ou angwase akoz konsekans siklòn Irma, ou ka itilize sèvis gratis sa a. Se yon nimewo telefòn sipò gratis, nan plizyè lang. Vizite sitwèb la nan  nan www.samhsa.gov pou w jwenn plis enfòmasyon.
     
  • Lòt resous ki disponib pou Floridyen yo ki bezwen èd oswa ou vle bay èd:
    Pou w jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon nan FEMA, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, oswa swiv @FEMARegion4 sou Twitter ak sou paj Facebook FEMA. Pou w jwenn enfòmasyon sou rekiperasyon nan eta, vizite Florida Division of Emergency Management.
     
  • Volontè ak Donasyon
    • Pou bay donasyon oswa fè volontè, vizite   www.volunteerflorida.org oswa rele 800-FL-Help-1.
    • Jwenn lòt opsyon volontè nan www.nvoad.org.
    • Volontè Forid travay avèk manm yo nan Florida VOAD, Óganizasyon Volontè Aktif nan Katastwòf.
    • Pou moun sila yo ki vle ede, ajans volontè yo kap bay donasyon lajan kach sa ki pi fleksib pou jwenn resous ki pi nesesè epi pote lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo rekipere. Bay don nan sekou nan Katastwòf Florid nan FloridaDisasterFund.org.
       

###

 

Tags:
Dènye mizajou