Lokatè ak etidyan yo ka elijib pou asistans FEMA akoz katastwòf

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 062
Release Date:
October 14, 2017

Orlando, Fla. – Si w se yon lokatè oswa yon elèv nan yon kolèj oswa inivèsite nan yon konte nan Florid yo deziye kòm zòn katastwòf ki te sibi domaj akoz siklòn Irma, ou ka elijib pou asistans akoz katastwòf.

Premye etap la se pou anrejistre avèk FEMA sou entènèt nan disasterassistance.gov oswa lè w rele liy asistans FEMA nan 800-621-3362. Operatè ki pale plizyè lang disponib. Sivivan yo ki soud, ki gen difikilte pou tande oswa ki gen yon difikilte pou pale epi ki sèvi ak TTY ka rele 800-462-7585. Moun ki itilize 711 oswa VRS (Video Relay Services) oswa ki bezwen akomodasyon pandan y ap vizite yon sant, ka rele 800-621-3362 pou anrejistre. Nimewo telefòn gratis yo ouvri apati 7 a.m. a 11 p.m. ET daily.

Kòm yon lokatè oswa yon elèv, ou ka kalifye pou yon sibvansyon nan pwogram asistans pou lòt bezwen FEMA pou pwopriyete pèsonèl esansyèl ak lòt bezwen. Sibvansyon FEMA ka ede peye depans ki gen rapò ak katastwòf ou pa bezwen remèt tankou:

  • Ranplasman oswa reparasyon pou pwopriyete pèsonèl ki nesesè, tankou mèb, aparèy menaje, rad, liv oswa founiti pou lekòl
  • Ranplasman oswa reparasyon zouti ak lòt ekipman ki gen rapò ak travay ki nesesè si w ap travay ak tèt ou
  • Ranplasman oswa reparasyon veyikil prensipal
  • Bil medikal ak dantè ou genyen ki se rezilta katastwòf la

Antanke yon elèv oswa yon lokatè, ou pa bezwen yon rezidan pèmanan nan konte yo deziye a pou ka elijib pou asistans, men domaj oswa pèt pwopriyete dwe te rive nan yon konte ki deziye kòm zòn katastwòf.

Lokatè ak elèv yo ka kalifye tou pou yon prè SBA ak enterè ki ba jiska $40,000 pou repare oswa ranplase pwopriyete pèsonèl. Pou plis enfòmasyon, rele sant sèvis kliyan SBA pou asistans akoz katastwòf nan 800-659-2955 oswa vizite sba.gov/disaster. Itilizatè TTY yo ka rele 800-877-8339. Aplikan yo ka aplike sou entènèt lè yo itilize aplikasyon pou prè elektwonik atravè sit sekirize SBA a nan disasterloan.sba.gov/ela.

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje.

Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak pou mete bagay nan depo.

Tags:
Dènye mizajou