Pwoteje Tèt Ou ak Fanmi w: Enfòmasyon Enpòtan pou Sivivan Siklòn Zile Vyèj Ameriken yo

Release Date Release Number
NR 021
Release Date:
October 18, 2017
ST. CROIX, Zile Vyèj – Ajans Federal Jesyon Dezas (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ansanm ak patnè federal li yo ap kontinye sipòte gouvènman Zile Vyèj Ameriken yo ak aktivite kominote lokal la poupwoteje lavi ak sekirite moun ki nan zòn siklòn Irma ak Maria. Avètisman pou bouyi dlo Otorite Dlo ak Kouran Zile Vyèj (Virgin Islands Water and Power Authority, WAPA) an kontinye aplikab pou dlo potab sou tout teritwa a. Pa itilize dlo ou pran dirèkteman nan wobinè pou bwè, lave dan ou, lave epi prepare manje, fè glas oswa prepare fòmil pou tibebe. Depatman Sante Zile Vyèj Ameriken (USVI Department of Health, DOH) ansanm ak Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (Centers for Disease Control and Prevention, CDC) ofri etap sila yo pou rete an sekirite pandan peryòd difisil sa a: Itilize dlo nan boutèy pou bwè, kwit manje ak pou lave dan w
  • Si ou pa gen dlo nan boutèy, bouyi oswa dezenfekte dlo ou an:
    • Fason pou bouyi: Chofe dlo a a pou dlo bouyi a gwo bouyon pandan omwen yon minit.
    • Fason pou dezenfekte: Ajoute 8 gout klowòks pou chak gallon dlo klè oswa 16 gout pou dlo ki twoub. Tann 30 minit anvan pou ou bwè l.
  • Bouyi oswa dezenfekte dlo sitèn pou chak galon oswa mwens an yon sèl fwa.
Kenbe men ou yo pwòp pou anpeche bakteri/maladi simaye
  • Lave men ou yo avèk savon ak dlo pwòp souvan (toujou lave men ou yo anvan ou manje aka pre ou fin ale nan twalèt). Si ou pa gen savon ak dlo pwòp, itilize yon likid dezenfektan ki gen alkòl.
Manje manje ki pa gen danje
  • Jete tout manje ki te gendwa an kontak avèk dlo inondasyon oswa dlo tanpèt, manje ki perisab, ak manje ki gen move sant, yon koulè oswa yon aparans dwòl.
  • Lè ou gen dout, jete manje a.
Pa pran risk pandan w ap netwaye
  • Pa janm lanyen yon kab elektrik.
  • Monoksid kabòn se yon gaz ki pa gen sant, ki pa gen koulè ki kapab pwovoke yon maladi oswa lanmò soudènman. Pou anpeche anpwazonman ak monoksid kabòn, kenbe jeneratris yo omwens 20 pye distans bilding yo epi itilize yon detektè monoksid kabòn.
  • Si w ap sèvi ak yon si elektrik, swiv enstriksyon sekirite fabrikan an pou ka asire lòt moun rete lwen dèyè aparèy la.
  • Lè w ap netwaye mous, mete linèt pwoteksyon, gan, bòt ak aparèy respiratè N95 NIOSH apwouve (ki disponib nan magazen materyo konstriksyon yo).
Pwoteje tèt ou kont moustik
  • Sèvi ak espre ki pouse moustike EPA apwouve kig en ladann lwil ekaliptis sitwon, Picaridin, IR3535 oswa DEET.
  • Kouvri oswa jete tout dlo ki kanpe kote moustik yo ka ponn ze.
  • Kenbe pòt yo fèmen epi repare griy fenèt yo.
  • Si ou ekspoze ak moustik lè w ap dòmi, mete espre ki pouse moustik epi/oswa yon moustikè.
  • Mete chemiz manch long ak pantalon long.
Depatman Planifikasyon ak Resous Natirèl Zile Vyèj (Virgin Islands Department of Planning and Natural Resources, DPNR) mande piblik la pou li pran prekosyon lè l ap itilize dlo sou lakot yo nan tout teritwa a jiskaske yo bay yon lòt anons. Gendwa gen plis risk sante pou moun k ap naje nan zòn kote dlo tanpèt te enpakte akòz ogmantasyon konsantrasyon bakteri yo. Moun ta dwe teni kont de ekoulman dlo tanpèt yo akòz siklòn ak tanpèt twopikal yo ki gendwa kontni tou kontaminan oswa poliyan ki ka domaje sante moun akòz debri tanpèt la. Ou ta dwe evite zòn kote gen ekoulman dlo tanpèt, tankou ma ak basen drenaj. Pèsonèl FEMA ap rete sou teren an nan tout teritwa a epi l ap kontinye kowòdone aktivite yo ak biwo gouvènè a ak Ajans Teritoryal Jesyon Ijans Zile Vyèj (Virgin Islands Territorial Emergency Management Agency, VITEMA). Men kèk konsèy sekirite anplis ou kapab swiv pou asire sekirite tout moun:
  • Toujou kapab gen gwo lapli. Koute ofisyèl lokal yo pou si yo gen anons mizajou ak enstriksyon pandan nenpòt ensidan inondasyon oswa lòt ijans.
  • Ekip ijans yo pral kontinye retire debri, ranmase kab elektrik ak retabli kapasite kominikasyon sou zile yo. Ou kapab ede yo si ou rete lwen wout y oak lwen pasaj yo, mezi ou kapab. Li enpòtan pou ou respekte kouvre-fe yo.
Pwoteje Tèt Ou ak Fanmi w: Enfòmasyon Enpòtan Kouvre-fe sou tout teritwa aOfisyèl leta yo ta dwe fè tout moun sonje gen yon kouvre-fe ki rete aplikab pou tout Zile Vyèj Ameriken yo:
  • Nan St. Croix, kouvre-fe a anplas toulejou ant 7è PM jiska 8è AM.
  • Nan St. Thomas ak nan St. John kouvre-fe a toulejou an 7è PM jiska 5è AM.
Kondwi yon fason ki san danjeLi trè danjre pou kondwi lè limyè sikilasyon yo pa mache. Epitou, kab elektrik ki tonbe ak debri yo gendwa te rete sou wout la apre pasaj tanpèt yo.
  • Kondwi dousman, avèk prekosyon, epi pran pasyans. Se yon moman ki estresan pou tout moun pandan kominote Zile Vyèj yo ap redrese epi rekonstwi.
  • Fè atansyon pou pyeton yo. Kouvre-fe yo gendwa ogmante kantite pyeton ki nan lari. Fè plis atansyon toujou epi veye si pa gen pyeton ozalantou.
  • Vire tounen kote ou soti a, pa nwaye. Lè ou kondwi machin nan yon zòn ki inode, sa kapab trè danjre epi prèske mwatye tout moun ki mouri nan inondasyon eklè yo rive lè moun nan machin yo. Lè ou nan machin ou, veye si pa gen inondasyon nan zòn ki ba yo, nan pon kote ki anfonse devan pon yo ak sou otowout yo. Yon ti kantite dlo, sis (6) pous dlo, gendwa fè ou pèdi kontwòl machin ou an.
Resous adisyonèlW ap jwenn plis enfòmasyon nan men Depatman Sante Zile Vyèj yo:www.facebook/virginislandsdoh ak doh.vi.gov. Wèbsayt CDC an gen enfòmasyon konsènan mous ak risk pou lasante ansanm ak direktiv pou prevansyon, netwayaj ak oryantasyon:W ap jwenn plis enfòmasyon sou dlo potab ki san danje nan:W ap jwenn plis enfòmasyon sou sekirite manje ak dlo nan:W ap jwenn enfòmasyon sou fason pou sèvi san danje ak jeneratris nan:###Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl). Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo. Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2. Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org.
Tags:
Dènye mizajou