Gen Pwogrè ki Fèt nan Aktivite Eliminasyon Fatra Siklòn la

Release Date Release Number
140
Release Date:
July 10, 2018

Zile Vyèj Etazini – Siklòn Irma ak Maria kite dèyè 580,000 mèt kib fatra nan Zile Vyèj Ameriken yo, yon kantite fatra ki ka ranpli 177 pisin Olenpik. Tout fatra ki kalifye yo te kolekte deja epi gen anpil pwogrè ki te fèt pou atenn objektif pou voye yo lwen teritwa a.

Ofisye Kowòdinasyon Federal FEMA, William L. Vogel, deklare:“Sanble, trete ak elijmine fatra se siy pwogrè aprè yon siklòn, san bliye ke nou te gen de (2) kokennchenn siklòn ki te fwape nan yon peryòd de 2 semèn. FEMA te travay ak gouvènman Zile Vyèj yo pou asire jesyon fatra sa yo respekte tout lwa ak règlemantasyon federal ak teritoryal yo. Nou fè anpil chemen, epi n ap kontan lè nou rive nan faz final eliminasyon fatra siklòn yo pandan mwa k ap vini yo.”

Plis pase 194,000 mèt kib fatra plant ak konstriksyon nan St. Thomas ak St. John te pake pwovizwaman nan sit Cancryn lan ki St. Thomas. Nou te sanble fatra a, triye li epi redwi li an yon fòm ki te relativman inifòm. Yo panse aktivite pou deplase fatra a ki sou sit la avèk de bato ki rele barj ki gen fon plat, ta dwe kòmanse nan mwa dawout. 

Nan St. Croix, yo te sanble plis pase 385,000 mèt kib fatra epi yo te depoze l pwovizwaman nan Body Slob. Nou prevwa ke faz triyaj, rediksyon ak obtansyon pèmi yo pral tèmine san reta pou kòmanse deplase fatra yo sou barj yo kou peryòd lotòn la rive.

Ofisyèl responsab travo aprè dezas la vle rasire piblik la ke fatra siklòn yo ki nan de (2) zòn rasanbleman yo anba jesyon ak siveyans responsab pou bese risk pou anviwònman ak sante piblik la. Pou anpeche fatra a pran dife pou kont li, se pou yo vire epi refwadi regilyèman fatra ki soti nan plant. Sinon, li ka poze yon risk grav pou dife kòmanse epi simaye toupatou. Yo p ap brile ni fè konpòst ak okenn fatra.

Rezidan yo ta dwe konsyan tou ke eliminasyon fatra sou tout teritwa a gendwa egzije pou kamyon ki deplase lantman pote chaj ki pa kouvri anba yon bach. Moun sou motosiklèt ak moun apye yo ta dwe prevwa pou bay anpil plas pou ekip travayè yo fè aktivite yo.

Ofisyèl ki responsab redrèsman an mande pou tout Abitan Zile Vyèj yo rete pasyan pandan pwosesis eliminasyon fatra an. Si ou gen kesyon konsènan eliminasyon fatra yo, voye yo nan yon imèl nan FEMA-STT-Debris-Site@fema.dhs.gov.

# # #

Tags:
Dènye mizajou