Dat Limit Aplikasyon Operasyon Twa Ble a Pwolonje nan Zile Vyèj Ameriken yo

Release Date Release Number
NR 039
Release Date:
November 4, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Dat limit pou sivivan siklòn Zile Vyèj yo pou yo enskri ak Operasyon Twa Ble pou reparasyon tanporè twa gratis nan kay yo pwolonje jiska jedi 23 novanm.

Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) te apwouve demann gouvènman teritoryal la pou pwolonje dta limit la pou pèmèt moun ki te kite zile yo akòz kraze brize siklòn Irma ak Maria pou yo kapab pran avantaj pwogram la.

Sivivan yo ta dwe sonje ke dat limit Twa Ble sa a diferan ak dat limit 18 desanm lan pou enskri opre FEMA pou asistans dezas akòz pasaj Irma ak Maria.

Se Kòporasyon Enjenyè Lame Etazini (U.S. Army Corps of Engineers, USACE) ki jere Operasyon Twa Ble (Operation Blue Roof) an kolaborasyon ak FEMA epi ak gouvènman Zile Vyèj Ameriken yo pou bay pwopriyetè kay ki afekte akòz pasaj siklòn Irma ak Maria bach plastik twal ble pou kouvri twa ki domaje yo jiskaske yo kapab fè reparasyon pèmanan.

Pwopriyetè kay yo dwe siyen yon fòm Dwa Antre (Right of Entry, ROE) ki otorize estaf USACE sou pwopruyete a pou evalye domaj nan twa epi pou kontraktè yo kapab enstale twal plastik ble a. Anjeneral, gendwa gen anviwon wit (8) jou anvan yon reprezantan USACE vin vizite kay la apre yo fin siyen ROE an, epi yo pral fè enstalasyon an anviwon de (2) semèn aprè sa. Sivivan yo kapab ede USACE lokalize rezidans yo lè yo plase adrès ki vizib iswa nimewo pasèl sou pwopriyete yo.

Pou aplike pou Operasyon Twa Ble, sivivan yo ta dwe ale nan youn nan Sant ROE yo ki sou tout zile yo. Pou jwenn yon adrès, rele nan 888-ROOF-BLU (766-3258). Yo mande tout sivivan k ap enskri nan pwogram la pote yon pyès idantite ak foto, yon bòdwo taks pou pwopriyete a epi, sa sa posib, yon foto twa ki domaje a pou kapab idantifye pwopriyete a.

Sivivan yo ki te gen nenpòt pwoblèm ak reparasyon tanporè twa yo St. Croix gendwa rele tou Operasyon Twa Ble nan 888-766-3258 oswa yo ka al gade Veyikil Kòman Mobil USACE an ki nan Sunshine Mall Kmart West, Remainder Matriculate, Frederiksted. Nan St. Thomas ak St. John, sivivan yo gendwa rele nimewo lokal USACE an ki se 601-619- 2821 oswa yo ka deplase ale nan USACE Roofing Resident Office ki nan 1ye etaj Government Employee Retirement System Building, 3438 Kronprindsens Gade, Charlotte Amalie. USACE pral voye yon enspektè asirans kalite sou pwopriyete a, epi yo pral repare kèlkeswa Twa Ble kontraktè a pa t enstale konfòmeman ak estanda kontra yo.

Operasyon Twa Ble ta dwe pwoteje pwopriyete yo pandan 30 jou minimòm epi pèmèt rezidan yo rete oswa tounen nan kay yo pandan y ap refè aprè pasaj tanpèt yo. Pwogram la te etabli pou rezidans prensipal oswa pou pwopriyete lokasyon ki gen moun ladann yo kapab repare ak playwoud, twal plastik ble epi nan sèten ka, yon ti kantite ranplasman oswa reparasyon pout (rafter). Se pa tout kalite twa ki kalifye pou pwogram lan.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org. Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org.

Tags:
Dènye mizajou