Plis pase $456 Milyon Dola nan Asistans Dezas pou Zile Vyèj Ameriken yo

Release Date Release Number
NR 75
Release Date:
January 5, 2018

ST. CROIX, Zile Vyèj – Poutèt siklòn Irma ak Maria te devaste teritwa a nan mwa septanm, asistans federal la te kontinye rive nan men sivivan ak kominote yo pou yo te ka repare, retabli ak rekonstri. Jiskaprezan gen plis pase $456 milyon dola finansman federal yo bay deja.

Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) lan ap kontinye kowòdone avèk gouvènman teritoryal la, patnè federal ak lokal yo, sektè prive ak òganizasyon volontè pou satisfè bezwen kominote a pou li ka rekonstwi. Sivivan dezas yo ki poko enskri opre FEMA, ta dwe enskri anvan dat limit 8 janvye 2018 lan.

Ofisye Kowòdinasyon Federal FEMA, William Vogel, deklare: “Pandan ke dat limit pou enskripsyon pou asistans dezas ap vanse, nou vle pou tout rezidan yo kontinye ede Zile Vyèj Ameriken yo rekonstwi kominote yo, kèlkeswa tan sa va pran.”

Jiska prezan, gen plis pase 37,000 Abitan Zile Vyèj yo ki te enskri pou asirans dezas epi FEMA te bay prèske $46.5 milyon dola prè lajan pou gwoup moun ki rete nan menm kay pou ede yo peye pou lwaye lojman, pou reparasyon kay ak pou lòt depans ki gen pou wè ak gwo dezas.  

Administrasyon TiBiznis Etazini (U.S. Small Businesses Administration, SBA) an te apwouve plis pase $291.5 milyon dola pou prè asistans dezas, kote te gen plis pase $265.9 milyon dola pou prè pou kay pou ni pwopriyetè kay ak ni lokatè, epi plis pase $25.6 milyon dola pou pwopriyetè biznis. Sivivan yo gendwa kalifiye tou pou prè dezas ki gen enterè ki ba nan men Administrasyon TiBiznis Etazini (U.S. Small Business Administration, SBA) ki ofri pwopriyetè kay, lokatè ak biznis asistans aprè yon dezas. Dat 8 janvye 2018 se dat limit pou domaj fizik pou prezante aplikasyon pou prè dezas SBA an.

Anplis prè lajan pou kay ak prè lajan SBA pou sivivan dezas, gen plis pase $118.3 milyon dola lajan retablisman federal ki te apwouve pou elektrisite, bilding piblik, reparasyon ann ijans pou wout ak ranmasaj fatra. Gen plis ke $4.4 milyon dola nan asistans leta yo te rezève pou Siklòn Maria nan tout teritwa a ak plis pase $113.9 milyon dola pou Siklòn Irma.

Prèlajan Asistans Piblik FEMA te finanse reparasyon ijan kab transmisyon ak tiyo distribisyon Santral Elektrik ak Izin Dlo Zile Vyèj (Virgin Islands Water and Power Authority) nan tout zile yo, bay Depatman Travo Piblik pou ranmasaj debri, ak pou ranbouse lòt ajan leta k ap fè aktivite misyon pou sekirite moun. Nan mwa k ap vini yo, Asistans Piblik FEMA pral travay tèt ansanm ak ofisyèl lokal yo pou detèmine pri pwojè yo pou domaj bilding piblik ak enfrastrikti an te sibi.

Kounye an ke konektivite nan Entènèt ap tounen nan teritwa a, sivivan yo gendwa enskri nan DisasterAssistance.gov oswa yo ka rele nan 800-621-3362. Moun ki gen yon pwoblèm pou pale oswa ki di pou tande epi ki itilize TTY ta dwe rele nan 800-462-7585 dirèkteman. Moun ki sèvi ak 711 oswa Sèvis Relè Videyo (Video Relay Service, VRS) gendwa rele nan 800-621-3362.

Si ou bezwen enfòmasyon osijè prè lajan SBA yo, rele 800-659-2955 oswa disastercustomerservice@sba.gov. Sivivan yo ki di pou tande oswa ki soud gendwa rele nan TTY 800-877-8339.

 

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Aprè gwo dezas, Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U. S. Small Business Administration, SBA) se premye sous Fon Federal pou asistans redrèsman alontèm. Asistans sa a se prè lajan ki gen enterè ki ba epi li disponib pou tout biznis kèlkeswa gwosè yo ki pa nan agrikilti, òganizasyon prive ki pa pou fè pwofi ansanm ak pou pwopriyetè kay ak lokatè ki gen pwopriyete yo ki domaje akòz dezas la.

Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

Tags:
Dènye mizajou