Espesyalis Rediksyon Risk yo Ofri Konsèy sou Fason pou Bti Kay ki Rezisan St. Thomas

Release Date Release Number
NR-065
Release Date:
December 18, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Gen konsèy gratis ki disponib bay sivivan Zile Vyèj yo k ap netwaye ak rekonstwi aprè pasaj siklòn Irma ak Maria, ki gen ladan teknik pou redwi domaj kay, biznis ak pwopriyete yo pral sibi sizoka ta gen lòt tanpèt pi devan.

Espesyalis Rediksyon Danje ki soti nan Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ap disponib nan magazen Sea Chest ACE Hardware store pou reponn kesyon sou teknik pou bati ki pi solid. Rekonstwi oswa repare yon kay apre yon dezas kapab yon misyon ki difisil anpil, men si pwopriyetè kay yo gen bon enfòmasyon, yo kapab bati kay ki pi solid, ki gen pibon konsepsyon epi ki pi rezistan kont dezas.

Lè ak adrès:

  • Sea Chest ACE Hardware, Charlotte Amalie
  • 18 pou 23 desanm
  • 8è:30 a.m. pou 3è:00 p.m.

Espesyalis yo pral prezan pou bay konsèy pou amelyore kay ansanm ak bonjan metòd pou anpeche oswa reddwi kantite domaj pou dezas ki pral rive pi devan yo epitou li pral bay teknik sou fason pou konstwi kay ki reziste pibyen menas yo.

Yo pral bay enfòmasyon sou fason pou netwaye mous ak mwazi aprè yon tanpèt ansanm ak konsèy sou fason pou pwoteje kay ou kont gwo van; pou fè sa, se pou ou mare tèt kay yo ak konektè espesyal epi sipò. FEMA ankouraje moun tanpèt yo te afekte pou yo deplase vini nan adrès ki make anlè a pou yo aprann kijan pou pare epi fè sa ki nesesè anvan yon dezas pou anpeche kay yo sibi domaj.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

Dènye mizajou