Randevou pou Prezante Nouvo Gid Kay pi Solid Zile Vyèj Ameriken (USVI) an St. Thomas

Release Date Release Number
125
Release Date:
May 7, 2018

ST. CROIX, Zile Vyèj – Depatman Planifikasyon ak Resous Natirèl Zile Vyèj Ameriken (Department of Planning and Natural Resources) ansanm ak FEMA ap òganize yon reyinyon jou mèkredi 16 me pou entwodwi katriyèm edisyon Gid pou bati kay kipi solid, ki rele ann Anglè The Stronger Home Guide. Batisè, bòs mason ansanm ak lòt pwofesyonèl nan sektè konstriksyon, ansnam ak pwopriyetè kay epi piblik la alawonnbadè byenveni pou patisipe nan reyinyon an. Rankont la pral kòmanse a 5è:30 p.m. nan University of the Virgin Islands, Administration and Conference Center ki St. Thomas. Pral gen yon lò reyinyon konsa St. John tou, epi yo te deja òganize youn St. Croix.

Se premye mizajou gid la ki fèt depi 1996. Li entegre ak dekri egzijans Kòd Konstriksyon USVI (USVI Building Code) yo te revize yo. Chanjman sa yo teni kont de nouvo rezilta rechèch nan syans konstriksyon ki pi resan yo pou amelyore kapasite estrikti yo pou reziste. Pami anpil lòt bagay, nouvo egzijans yo afekte kijan yo konsevwa ak konstwi tèt kay yo, miray yo ak fondasyon yo.

Komisyonè DPNR, Dawn L. Henry, yon avokat, deklare:“Grasa reyinyon sa a nan St. Thomas, n ap kontinye enfòme piblik la osijè gwo chanjman ki modifye kòd konstriksyon nou an ki nan gid pou ki ki pi solid sa a”. Li enpòtan pou moun konnen chanjman yo te fèt, paske y ap mete yo nan egzijans pou resevwa otorizasyon pou tout pèmi konstriksyon yo.”

Mizajou kòd la pral fè estrikti yo vin pi sekirize ak pi solid, y ap kapab reziste van siklòn ak inondasyon pi fasilman. Lè nou enkòpore dènye dekouvèt lasyans nan dizayn bilding ak teknoloji epi nou entegre enfòmasyon nou te resevwa apre pasaj dezas ki te deja rive anvan yo, sa rann li pi fasil pou bati kominote ki pi an sekirite, ki pi solid ak pi rezistan.

# # #

 

Misyon FEMA se pou sipòte moun anvan, pandan ak aprè dezas yo.

Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak  www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands

 

Tags:
Dènye mizajou