Òganizasyon Lokal ak Òganizasyon Volontè ki Depasaj Enpòtan pou Aktivite Redrèsman nan Zile Vyèj Ameriken yo

Release Date Release Number
NR 54
Release Date:
November 27, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Pandan Zile Vyèj yo pati devan nan aktivite retablisman pou retabli apre pasaj siklòn Irma ak Maria, efò kolektif sa a pou satisfè bezen sivivan yo ap kontinye pi rèd. Ajans volontè, òganizasyon non-gouvènmantal ak biznis ap bay yon koudmen epi y ap distribye manje ak founiti esansyèl, y ap netwaye kay, retire debri, fè reparasyon epi y ap bay rekonfò pandan sivivan yo ap travay pou retabli lavi yo jan li te ye anvan.

Aprè Siklòn Irma te fwape zile yo nan dat 5 septanm, epi Siklòn Maria te talonnen li deprè, gen plizyè santèn volontè lokal ak etranje ki te deside kontinye bay tan, enèji ak konpasyon pou ede moun ki nan sitiyasyon. Kounye an, gwoup redrèsman alontèm ki gen ladann òganizasyon popilè lokal ak gwoup relijye ak kominotè te kreye pou satisfè bezwen sivivan yo, distribye resous epi ede ranfòse sistèm sipò vital yo pi devan.

Moun ki responsab kominikasyon ak ajans volontè yo nan Ajans Federal Jesyon Dezas (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ap ede kowòdone aktivite yo pami tout òganizasyon volontè  ak non-gouvènmantal ki sou teren an. Epitou yo bay goup lokal yo konsèy pou ede pwosesis redrèsman an kontinye fè pa ann avan nan lavni.

Pandan sivivan yo ap goumen gen yon chay lou pou rekonstwi lavi yo, volontè yo sou leteren te ede yo pote chay la. Dèyè kokenchenn efò, n ap jwenn pwòp fondman kominotè Zile Vyèj yo, Fondasyon St. Croixpou Devlopman Kominotè ak Fondasyon Kominotè St. John lan ki te ede anmase lajan ak oryante asistans pou sivivan yo – epi y ap kontinye ede lontan aprè aktivite redrèsman yo fini.

Patnè k ap kolabore nan aktivite redrèsman yo tankou Kwa-Wouj Amerikèn, Lame di Sali, All Hands Volunteers, Community Action Now!, My Brothers Workshop, Virgin Islands ASAP Disaster Relief, ansanm ak plizyè dizèn gwoup lokal, nasyonal ak entènasyonal te sou leteren nan Zile Vyèj pandan plizyè mwa, pou distribye manje ak dlo ki te sove lavi moun epi ki te pèmèt yo kontinye jwenn alimantasyon, repa cho, rad pwòp, twous netwayaj ak plis toujou pou sivivan yo ki gen bezwen.

Pa gen anpil tan de sa, yo te kreye yon depo pou plizyè ajans an kowòdinasyon ak Depatman Sèvis Imen Zile Vyèj yo St. Thomas, epi sa te etabli yon kote pou volontè yo ak gwoup lokal yo kapab estoke machandiz yo pral distribye sivivan yo.

Moun ki ta renmen fè don oswa pwopoze tèt yo kòm volontè pou ede sivivan dezas Zile Vyèj yo ta de kontakte òganizasyon volontè oswa karitativ yo pito an grasa Òganizasyon Volontè Nasyonal ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Organizations Active in Disaster, NVOAD) nan www.nvoad.org. Don lajan pèmèt òganizasyon volontè yo jwenn fleksiblite pou obteni resous yo plis bezwen yo anmenmtan y ap bay ekonomi lokal la yon koudmen.

Fondasyon Kominotè Zile Vyèj la, nan www.cfvi.net, gen tou yon Fon pou Zile Vyèj (“Fund for the Virgin Islands”) nan www.USVIrecovery.org. Si ou vle plis enfòmasyon konsènan Fondasyon St. Croix pou Devlopman Kominotè (St. Croix Foundation for Community Development) ale nan www.stxfoundation.org. W ap jwenn enfòmasyon konsènan Fondasyon Kominotè St. John (St. John Community Foundation) lan nan http://stjohncommunityfoundation.org.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Dènye mizajou