Dat Limit 8 janvye pou Enskri pou Asistans FEMA ak SBA ap Vanse

Release Date Release Number
NR 73
Release Date:
Janvye 2, 2018

ST. CROIX, Zile Vyèj – N ap ankouraje sivivan ki viktim siklòn Irma ak Maria yo pou enskri anvan dat limit 8 janvye 2018 opre Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) pou yo ka jwenn asistans aprè dezas. 

Asistans FEMA an gendwa gen ladann prè lajan pou ede pwopriyetè kay yo peye pou lojman tanporè, reparasyon esansyèl nan kay ak tout gwo bezwen ki gen pou wè ak siklòn asirans lan pa garanti.

Sivivan yo gendwa kalifye tou pou prè lajan ki gen yon to enterè ki ba nan men Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U.S. Small Business Administration, SBA) ki ofri asistans bay pwopriyetè kay, lokatè ak biznis yo aprè yon dezas. 8 janvye 2018 se dat limit pou domaj fizik pou prezante nan SBA yon aplikasyon pou prè lajan aprè yon dezas.

Ofisye Kowòdinasyon Federal, William Vogel, deklare: “Nou vle pou sivivan yo resevwa tout asistans yo kapab kalifiye pou li. Asistans lan p ap disponib si ou pa enskri.”  

Kounye an, konektivite nan Entènèt ap tounen nan teritwa a, sivivan yo gendwa enskri nan DisasterAssistance.gov oswa yo ka rele nan 800-621-3362. Moun ki gen yon pwoblèm pou pale oswa ki di pou tande epi ki itilize TTY ta dwe rele nan 800-462-7585 dirèkteman. Moun ki sèvi ak 711 oswa Sèvis Relè Videyo (Video Relay Service, VRS) gendwa rele nan 800-621-3362.

Si ou bezwen enfòmasyon osijè prè lajan SBA yo, rele 800-659-2955 oswa disastercustomerservice@sba.gov. Sivivan yo ki di pou tande oswa ki soud gendwa rele nan TTY 800-877-8339.

Moun ki pa gen koneksyon nan Entènèt kapab deplase ale nan youn nan Sant Redrèsman aprè Dezas (Disaster Recovery Centers, DRC) yo ki chita toupatou nan zile yo. Espesyalis DRC yo kapab bay enfòmasyon fas-a-fas konsènan asistans dezas ak èd pou enskri. Estaf SBA yo disponib pou ede ranpli ak prezante aplikasyon pou prè lajan SBA yo. DRC yo louvri soti 8è a.m. pou 5è p.m. lendi jiska vandredi epi samdi soti 9è a.m. pou 2è p.m.

 

  • Adrès yo St. John
    • Cruz Bay nan U.S. Virgin Islands Legislature, St. John Annex, 1D Cruz Bay
    • Coral Bay nan Town & Country Building, 8-1 Estate Emmaus
  • Adrès yo St. Croix
    • Christiansted nan St. Peter’s Episcopal Church, 38-44 Castle Coakley
    • Frederiksted nan Rotary Club West, 40 KA-KD Estate LaGrange
    • Christiansted nan Old Post Office Building nan kwen Church ak Company streets
  • Adrès St. Thomas yo
    • Charlotte Amalie nan ansyen Scotiabank, 81 CC&DD Kronsprindsens Gade
    • Charlotte Amalie nan Tutu Park Mall, 4605 Tutu Park Mall, Suite 233

 

###

 

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo)

(TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Aprè gwo dezas, Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U. S. Small Business Administration, SBA) se premye sous Fon Federal pou asistans redrèsman alontèm. Asistans sa a se prè lajan ki gen enterè ki ba epi li disponib pou tout biznis kèlkeswa gwosè yo ki pa nan agrikilti, òganizasyon prive ki pa pou fè pwofi ansanm ak pou pwopriyetè kay ak lokatè ki gen pwopriyete yo ki domaje akòz dezas la.

Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

 

 

Tags:
Dènye Mizajou