Lèt FEMA ki Di Ou pa Kalifye pa Vle Di Ou pa Gen Posibilite pou Jwenn Asistans Ankò

Release Date Release Number
NR-053
Release Date:
November 24, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Sèten Abitan Zile Vyèj yo ki te sibi domaj akòz pasaj siklòn Irma oswa Maria gendwa resevwa yon lèt nan men Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ki deklare yo pa elijib pou resevwa asistans dezas.

Si ou se yon sivivan ki te resevwa yon lèt ki di ou pa kalifye, pa abandone. Petèt w ap jwenn asistans kanmenm nan men FEMA. Yon lèt ki di ou pa kalifye gendwa vle di FEMA pa gen tout enfòmasyon li bezwen pou apwouve yon demann asistans. Pa egzanp, w ap petèt dwe:

  • bay enfòmasyon pou pwouve se ou ki rete oswa ki posede pwopriyete ki sibi domaj la
  • bay prèv idantite w
  • bay dokiman pou pwouve domaj dezas la pwovoke
  • voye tounen enfòmasyon asirans ou

Yo gendwa te deside ou pa kalifye pou resevwa asistans pou divès rezon, tankou sa ki annapre yo:

  • yo panse kay ou pa gen danje pou ou rete ladann
  • kay la se pa rezidans prensipal ou li ye
  • yon lòt moun ki rete nan menm kay avèk ou deja enskri pou asistans FEMA.

Asistans federal pou dezas fèt pou ede moun ki sibi pèt ki pa asire oswa ki pa asire ase dezas la te lakòz. Asistans dezas la bay anpil moun yon kaz depa oswa “yon koudmen” pou kòmansman pwosesis pou retabli.

Aplikan yo ki ta renmen konteste yon desizyon genda fè sa alekri nan 60 jou apatide dat yo te resevwa lèt refi a. Y ap jwenn direktiv pou prezante kontestasyon yo nan Gid Aplikan an yo te voye bay tout mon ki te enskri opre FEMA.

Nenpòt kilè, sivivan yo gendwa rele Nimewo Gratis FEMA an nan 800-621-3362 oswa TTY 800-462- 7585 pou mete ajou enfòmasyon aplikasyon yo oswa pou jwenn repons pou kesyon yo vle poze yo. Moun ki sèvi ak 711-Relay oswa Sèvis Relè Videyo gendwa rele nan 800-621-3362. Nimewo telefòn gratis yo ap mache koumanse 7è nan maten rive 11è leswa (è lokal) 7 jou sou 7. Operatè yo pare pou ede sivivan yo ann Angle, Panyòl ak nan anpil lòt lang toujou.

Sivivan yo ki poko enskri pou asistans gendwa rele nan nimewo ki make anlè yo pou jwenn asistans, oswa konekete sou www.DisasterAssistance.gov oubyen deplase pou ale nan youn nan nèf (9) Sant Redrèsman aprè Dezas (Disaster Recovery Centers) ki sou tout teritwa a.

##

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800- 462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org. Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org.

Dènye mizajou