Sivivan Siklòn yo Dwe Fè Atansyon pou Fwòd ak Magouyè

Release Date Release Number
109
Release Date:
March 23, 2018

ST. CROIX, Zile Vyèj – Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ansanm ak Ajans Teritoryal Zile Vyèj Jesyon Ijans (Virgin Islands Territorial Emergency Management Agency, VITEMA) raple sivivan siklòn yo ke magouyè yo gendwa ap fè magouy nan Zile Vyèj Ameriken yo, kote y ap sible sivivan siklòn Irma ak Maria yo.

Men kèk konsèy pou pwoteje tèt ou oubyen yon moun ki pwòch ou, pou n pa viktim fwòd aprè yon dezas:

  • FEMA ak lòt travayè federal pa mande ni pa aksepte okenn lajan. Yo p ap janm faktire aplikan yo pou asistans aprè dezas, enspeksyon nan kay ni pou ede w ranpli aplikasyon yo. Rete vijilan pou detekte pwomès ki pa vre, tankou pwomès yo pral akselere dosye asirans ou an, aistans aprè dezas oubyen pwosesis pou jwenn yon pèmi konstriksyon – epi pa janm bay pèsòn okenn lajan pou asistans sa a.
  • Si yon moun pwoche w epi li di w l ap reprezante pwogram Reparasyon Kay ki Ijan nan Zile Vyèj  (Emergency Home Repairs VI), mande pou li prezante w yon pyès idantite. Otorite Finans Lojman Zile Vyèj (Virgin Islands Housing Finance Authority, VIHFA) la, ki administre pwogram Reparasyon Kay ki Ijan nan Zile Vyèj lan, deside ki enspektè ki pral enspekte ki kay aprè sivivan yo enksri nan pwogram la. Enspektè sa yo pral idantifye tèt yo; pou fè sa, yo pral montre Badj pwogram Reparasyon Kay ki Ijan nan Zile Vyèj ki gen logo VIHFA lan sou li, non enspektè a ak foto li sou li.  Manadjè dosye yo ki travay nan pwogram Reparasyon Kay ki Ijan nan Zile Vyèj yo pral pwograme yon lè randevou pou enspeksyon a ka fèt.  Enspektè a p ap parèt nan rezidans la sof si manadjè dosye a te rele pou konfime randevou a ak pwopriyetè kay la.
  • Si ou gen yon kesyon konsènan enspeksyon ou an, rele pwogram Reparasyon Kay ki Ijan nan Zile Vyèj nan 844-813-9191.
  • Enspektè VIHFA yo p ap janm mande lajan. Se pwogram Asistans Piblik FEMA an ki pral peye pou reparasyon yo. Yo deja gen tout enfòmasyon enskripsyon ou yo, lè y ap vin fè enspeksyon an.
  • Si yon moun kontakte w nan telefòn, nan imèl oswa fas-a-fas epi yo di yo reprezante yon òganizasyon lacharite k ap ede sivivan dezas yo, mande yo pou yo bay non egzak òganizasyon lacharite a, adrès lari li, nimewo telefòn ak adrès wèbsayt li; apresa, kontake òganizasyon lacharite a dirèkteman epi konfime moun k ap mande lajan an se yon anplwaye oswa yon volontè òganizasyon an tout bon. Toujou fè demach pou asire w òganizasyon lacharite a se pa yon magouy li ye anvan pou ou bay lajan, epi mande yon resi ki gen non òganizasyon lacharite a sou li, adrès lari, nimewo telefòn ak adrès sitwèb la (si genyen). Ajans ki pa pou fè pwofi ki pa magouy toujou bay resi pou kesyon taks.
  • Si ou pa sèten oswa ou pa fin alèz ak yon moun ou kontre ki deklare li se yon reprezatan sèvis jesyon ijans oswa yon anplwaye yon òganizasyon lacharite, pa bay li okenn enfòmasyon pèsonèl, epi rapòte ensidan an.
  • Si ou sispèk ou te viktim yon fwòd, kontakte nimewo gratis Sant Nasyonal pou Fwòd aprè Dezas (National Center for Disaster Fraud) la nan 866-720-5721 oswa voye yon imèl bay òganizasyon an nan disaster@leo.gov. Jwenn plis enfòmasyon toujou konsènan Sant Nasyonal pou Fwòd aprè Dezas (National Center for Disaster Fraud) nan www.justice.gov/disaster-fraud.
  • Epitou, ou gen dwa rapòte kèlkeswa aktivite ki sispèk nan youn nan pòs polis Zile Vyèj yo.
     

###

 

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte moun anvan, pandan ak aprè dezas yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl osijè aktivite redrèsman yo aprè pasaj siklòn yo, tanpri al gade nan www.informusvi.com oswa www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

 

Tags:
Dènye mizajou