Sivian Siklòn yo Dwe Tcheke ak FEMA

Release Date Release Number
NR-063
Release Date:
December 13, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Pandan dat limit 8 janvye pou enskri pou resevwa asistans dezas ap pwoche, nou ankouraje sivivan siklòn Irma ak Maria yo deplase pèsonèlman pou kapab asire enfòmasyon yo bay Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) kòrèk ak ajou.

Tanpèt yo te pwovoke blakawout ak pann Entènèt ak selilè ki toupatou ki te afekte aksè sivivan yo te bezwen pou enskri pou asistans dezas epi pou jwenn mizajou pou konnen nan ki pwen aplikasyon yo te rive. Kounye an ke kouran ak konektivite ap retounen nan zile yo, plikan yo ta dwe rele biwo a pou asire yo enskri vreman epi pou mete ajou nenpòt chanjman nan adrès postal, nimewo telefòn ak enfòmasyon asirans e enfòmasyon labank.

Li trè enpòtan pou enfòmasyon ki nan sistèm la kòrèk aprè yon dezas sizoka yo reprezantan FEMA ta bezwen kontakte w. Epitou, li enpòtan tou pou sivivan yo rete an kontak ak FEMA pandan tout pwosesis redrèsman an.   

Ofisye Kowòdinasyon Federal FEMA, William Vogel, di konsa: “Sa pa fè okenn mal pou verifye avèk nou nan ki pwen aplikasyon ou ye. Si ou te aplike pou asistans FEMA epi ou pa t tande pale de nou apre sa, tanpri rele nou pou nou kapab asire n ap travay sou aplikasyon ou san pèdi tan.”

Aplikan yo ki gen sèvis gendwa mete enfòmasyon yo ajou nan www.DisasterAssistance.gov oswa yo ka rele nan 800-621-3362 oubyen nan TTY 800-462-7585. Moun ki sèvi ak 711-Relay oswa Sèvis Relè Videyo gendwa rele nan 800-621-3362. Nimewo telefòn gratis yo ap mache koumanse 7è nan maten rive 11è leswa (è lokal) 7 jou sou 7. Operatè yo pare pou ede sivivan yo ann Angle, Panyòl ak nan anpil lòt lang toujou.

Aplikan yo ki kontinye gen difikilte avèk konektivite gendwa aktyalize enfòmasyon yo; pou fè sa, yo kapab deplase pou ale nan youn nan Sant Redrèsman aprè Dezas (Disaster Recovery Centers, DRC) FEMA yo ki toupatou nan zile yo. DRC yo se etablisman ki aksesib pou moun ki andikape kote aplikan yo resevwa asistans fas-a-fas. DRC yo louvri soti 8è a.m. jiska 5è p.m., lendi pou vandredi, epi yo pral rete louvri pandan tout tan ki nesesè a.

Men adrès DRC yo nan Zile Vyèj Etazini:

St. Croix:

  • Christiansted nan Old Post Office Building nan kwen Church ak Company
  • Christiansted nan St. Peter’s Episcopal Church, 38-44 Castle Coakley
  • Frederiksted nan Rotary Club West, 40 KA-KD Estate LaGrange

St. John:

  • Coral Bay nan Town & Country Building, 8-1 Estate Emmaus
  • Cruz Bay nan U.S. Virgin Islands Legislature, St. John Annex, 1D Cruz Bay

St. Thomas:

  • Charlotte Amalie nan ansyen Scotiabank, 81 CC & DD Kronsprindsens Gade
  • Charlotte Amalie nan Tutu Park Mall, 4605 Tutu Park Mall, Suite 233
  • Estate Bordeaux nan Bordeaux Farmers Market, 109 East Bordeaux

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

Dènye mizajou