Yo Konseye Tout Sivivan Siklòn yo pou yo Anboche Kontraktyèl (Bòs) ki Lejitim

Release Date Release Number
NR-056
Release Date:
November 29, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Grasa tout milyon dola lajan redrèsman ak rekonstriksyon k ap vide sou Abitan Zile Vyèj yo kay yo te domaje oswa detwi pandan siklòn yo, ofisyèl jesyon ijans teritoryal ak federal ap bay kèk bon konsèy: anboche bòs (kontraktyèl) ki lejitim pou fè travo reparasyon oswa rekonstriksyon yo.

Ajans Jesyon Ijans Zile Vyèj (Virgin Islands Emergency Management Agency, VITEMA) ansanm ak Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) te rekòmande pou sivivan yo ki te resevwa sibvansyon lajan FEMA pou repare oswa rekonstwi kay yo verifye bòs yo gen eksperyans epi yo ka fè yo konfyans, epi pou yo chèche jwenn tout pèmi konstriksyon ki apwopriye yo anvan pou yo kòmanse travay.

Zile Vyèj yo bezwen ke konstriktè kay yo chèche jwenn lisans komèsyal epi epi pou sèten konstriktè espesyalize, ikonpri elektrisyen ak plonbye, gen sètifikasyon (akreditasyon). Pwopriyetè kay yo gendwa jwenn enfòmasyon adisyonèl nan men Depatman Akreditasyon ak Zafè Konsomatè Zile Vyèj (Virgin Islands Department of Licensing and Consumer Affairs) nan http://dlca.vi.gov/.  

Ofisye Kowòdinasyon Federal FEMA William Vogel konseye tout moun: “Tcheke referans yon bòs anvan pou w siyen okenn papye; sa pral pèmèt pwojè rekonstriksyon ou demare kòrèkteman. Nou vle lajan redrèsman leta federal bay ede sivivan siklònyo pou yo ka tounen nan kay ki san danje epi ki byen konstwi.”

Pami lòt konsèy y ap bay pou evite konstriktè malonèt gen:

  • Mande yon estimasyon epi li tout kondisyon yo byen – Toujou eseye jwenn yon estimasyon nan men plizyè kontraktyèl ki gen bon repitasyon anvan pou o upran yon desizyon. Anboche yon bòs ki lokal, si sa posib.
  • Mande yon kontra alekri – Yon kontra konplè ta dwe endike klèman tout travo ki dwe fèt, tout depans asosye yo ak dat peman yo dwe fèt. Pa kite yo ba w presyon pou siyen yon kontra touswit paske yo di w ke “òf la valab pou jodi a sèlman!”
  • Jwenn yon adrès – Chwazi yon bòs ki gen yon adrès etabli epi verifye enfòmasyon an. Li nòmal pou bòs yo itilize selilè kounye an, men yo ta dwe gen yon adrès fiks tou.
  • Pèmi – Verifye si kontra a di klèman kimoun ki dwe chèche jwenn pèmi pou travo yo. Mande yon avoka egzamine kontra a si travo yo ap koute anpil lajan. Kenbe yon kopi kontra ki siyen yo.
  • Prèv asirans – Verifye pou bòs la gen asirans responsabilite jeneral, konpansasyon travayè epi  kosyon. Yo gendwa konsidere pwopriyetè kay oswa biznis responsab si gen yon aksidan sou pworyete yo si bòs la pa gen asirans.
  • Peye ak chèk – Pa janm peye tout lajan an anvan travay la fin fè epi peye ak yon chèk oswa kat kredi olye pou peye ak lajan kach.
  • Fè atansyon lè ou tande “FEMA ki Sètifye li” – FEMA pa sètifye ni li pa adopte okenn bòs sektè prive, kidonk fè atansyon lè yon moun di w FEMA te fè sa pou li. Si yon moun deklare li reprezante FEMA, mande yon pyès idantifikasyon. Tout reprezantan FEMA yo gen yon kat idantite ak foto sou yo.
  • Denonse tout aktivite malonèt yo, magouy oswa fwod – Si ou sispèk gen kèlkeswa magouy oswa fwod, kontakte depatman polis ki nan zòn ou an.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.informusvi.com oswa nan http://www.usviupdate.com/. Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org.

Dènye mizajou