Vin Jete Fatra Kay ki Danjere Vandredi ak Samdi nan Home Depot an ki St. Croix

Release Date Release Number
90
Release Date:
February 16, 2018

ST. CROIX, Zile Vyèj – Ajans Pwoteksyon Anviwònman (Environmental Protection Agency, EPA) an pral òganize yon kote pou jete fatra kay ki danjere pou rezidan St. Croix yo vandredi 16 ak samdi 17 fevriye k ap vini la a.

Y ap òganize ranmasaj tout fatra yo nan Home Depot an ki Kingshill soti 8è a.m. rive 4è p.m. Si ou gen fatra kay ki danjere lakay ou, tankou lwil ki deja sèvi, penti, pwodwi pou netwaye ak disòlvan pou kay, televizyon ak konpitè, pa bliye triye atik sa yo epi plase yo nan kontenè. EPA pral jete yo kòmsadwa.

 

EPA ap sanble tou fatra kay ki danjere nan adrès sa yo:

  • St. Croix:
    • Frederiksted nan Evelyn Williams Elementary School, 13A Mt. Pleasant
      • Lè biwo li ouvri: 8è a.m. pou 5è p.m. toulejou; 18 fevriye se dènye jou a.
  • St. John:
    • Myrah Keating Smith Community Health Center
      • Lè biwo li ouvri: 7è:30 a.m. pou 4è p.m. Lendi jiska samdi;

        24 fevriye se dènye jou a.

    • Coral Bay Fire Station
      • Lè biwo li ouvri: 10è a.m. pou 2è p.m. Samdi sèlman; 24 fevriye se dènye jou a.
  • St. Thomas:
    • Depotwa Bovoni (Boyoni Landfill)
      • Lè biwo li ouvri: 7è:30 a.m. pou 4è p.m. Lendi jiska vandredi ak soti 10è a.m. pou 3è p.m. Saturday; 18 fevriye se dènye jou a.
    • Home Depot nan Tutu-Donoe Road
      • Lè biwo li ouvri: 9è a.m. pou 3è:30 p.m. Samdi sèlman;

        17 fevriye se dènye jou a.

         

Pou kontakte EPA osijè fratra kay ki dankere, rele nan 888-283-7626.

 

###

 

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

 

Tags:
Dènye mizajou