Detantè Kontra-Asirans Inondasyon ka jwenn plis lajan pou modènize kay yo

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 158
Release Date:
February 12, 2018

Mande lajan nan lespas 60 Jou apre ou fin resevwa Avi sou Domaj Enpòtan nan Kominote a

ORLANDO, Fla. — Detantè nan Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon Florid ki gen pwopriyete ki te andomaje ka mande plis lajan pou redwi risk nan siklòn ansanm avèk lòt katastwòf yo.

Detantè  kontra asirans nan Zòn risk inndasyon spesyal kap repare oswa rekonstwi ka resevwa lajan anplis —Ogmante depans pou Konfòmite—pou modènize yon kay kidonk li konfòme avèk règleman konstriksyon lokal.  SFHA yo se zòn a risk inondasyon elve daprè NFIP.

Mezi ICC yo gen ladan elevasyon, demolisyon, pwoteksyon kont inondasyon oswa relokalize nan yon lòt kay kidonk ki ka reziste pi byen a tanpèt ansanm avèk inondasyon.

Konpayi asirans yo dwe resevwa yon Fòm Prèv Pèt ICC nan lespas 60 jou apre yon otorite lokal fin enfòme yon detantè kontra asirans ke kay yo te gen domaj enpòtan.  Sa a vle di depans pou restore yon kay egal oswa depase 50 pousan nan valè mache l anvan domaj la.

Detantè  kontra asirans yo ta dwe bay tou estimasyon yon kontraktè pou mezi ICC pwopoze a ak kopi pèmi konstriksyon lokal yo. Konpayi asirans yo bezwen dokiman sa yo pou konsidere yon reklamasyon ICC.

Règleman NFIP yo ka bay jiska $30,000  pou aplike mezi ICC yo ki egzije konfòmite avèk règleman lokal yo. Kantite lajan an konplete depans pou reparasyon oswa rekonstriksyon.

Pwopriyetè  kay ak biznis yo gen sizan apati dat pèt la pou yo ranpli mezi ICC egzije ak apwouve.

Detantè  kontra asirans yo ka kontakte biwo jesyon ijans lokal yo pou yo ka jwenn plis enfòmasyon. Yo ka jwenn enfòmasyon kontak sou entènèt nan www.FloridaDisaster.org/counties.

Lòt Sous Èd Finansye

Administrasyon Ti Biznis Etazini kapab yon lòt sous finansman pou rann yon kay oswa biznis pi ansekirite ak pi solid.

Pwopriyetè kay ak biznis ki gen yon aplikasyon apwouve ka kalifye pou lajan anplis pou peye pou amelyorasyon kay yo.  Lajan an ta anplis sou kantite lajan prè ki apwouve pou repare oswa rebati.

Pou w jwenn plis enfòmasyon yo ka rele SBA nan 800-659-2955 oswa TTY 800-877-8339. Yo ka ale sou entènèt tou nan sba.gov/disaster.

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak sekouris nou yo pou asire ke antanke peyi nap travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan,  ak diminye tout danje yo.

Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele  800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj.

###

Tags:
Dènye mizajou