Fèy Enfòmasyon: Legliz nan North Carolina yo ka kalifye pou aplike pou Asistans Piblik FEMA

Release Date Release Number
DR-4393-NC FS 011
Release Date:
October 10, 2018

Lwa Stafford la te revize pou fè legliz yo tankou lòt kominote, volontè ak prive, òganizasyon san bi likratif, ki kalifye pou aplike pou finansman potansyèl pou ede avèk sèten frè ki gen rapò ak katastwòf anba pwogram sibvansyon Asistans Piblik FEMA.

Kisa pwogram sibvansyon Asistans Piblik la ye?

  • Asistans Piblik (Public Assistance, PA) a ranbouse sèten gouvènman eta, tribal, teritoryal ak gouvènman lokal, ak sèten òganizasyon prive san bi likratif (private nonprofit, PNP) pou 75 pousan depans pou dezas ki kalifye.
  • Sibvansyon PA yo ede peye efò pou pwoteje moun ak pwopriyete, netwaye katye ak reparasyon wout ak pon yo. 

 

  • Pou deklarasyon katastwòf Siklòn Florence nan North Carolina, Pwogram Asistans Piblik la finanse pa FEMA epi administre pa Jesyon Ijans North Carolina (North Carolina Emergency Managemen, NCEM).

 

Kondisyon pou Legliz yo Kalifye

  • Pou li yon aplikan ki kalifye, yon legliz dwe:
    • Bay yon lèt aktyèl ki montre yo gen egzanpsyon taks nan IRS dapre Seksyon 501(c) (d) oswa (e) nan Kòd IRS 1954, oswa nan men Sekretè Deta nan Eta North Carolina.
    • Dwe pwopriyete yon òganizasyon prive san bi likratif (PNP).  
    • Gen enstalasyon ki andomaje Siklòn Florence te lakòz nan North Carolina.
    • Te swa pa resevwa finansman oswa resevwa finansman kip a te ase apre yo fin aplike pou yon prè pou dezas nan Administrasyon Ti Biznis (Small Business Administration, SBA).
       
       

Prè ou dezas SBA yo se yon pati enpòtan nan pwosesis aplikasyon an

  • Pou PNP yo, tankou legliz yo, FEMA ka sèlman bay finansman Asistans Piblik pou depans pou travay ki kalifye pou  yon prూè pou dezas SBA pa  pral garanti.
    • Anba Lwa Stafford la, enstalasyon PNP tankou legliz yo, dwe aplike nan SBA pou yon prè ki gen yon ti kras enterè pou travay reparasyon pèmanan.
    • FEMA ap bay asistans finansye sèlman si SBA te refize bay legliz la yon prè - oswa si prè yo otorize a pa ase pou kouvri depans reparasyon yo.

 

Rankont ak aplikan yo pou bay enfòmasyon sou pwosesis aplikasyon an

  • Yon reprezantan legliz la dwe ale nan yon rankont ak aplikan NCEM prepare. Pou plis detay, tankou fason pou patisipe, kontakte manadjè ijans   lokal ou a  .
  • Si yon legliz  deside aplike pou asistans dezas nan men FEMA apre li fin patisipe nan yon rankont ak aplikan, li dwe soumèt yon Demand pou Asistans Piblik (Request for Public Assistance, RPA).

Aplikasyon Demand pou Asistans Piblik

  • Nou dwe ranpli yon fòm epi soumèt li bay FEMA Grant Portal pou yo konsidere nou pou finansman pou asistans pou dezas.
  • Premyèman, voye yon imèl bay   public.assistance@ncdps.gov   ki gen ladan  prenon ak siyati aplikan an,  adrès imèl, nimewo telefòn ak non òganizasyon an.
  • Apresa, tann pou yon envitasyon imèl nan men Depatman Sekirite Piblik North Carolina pu soumèt yon RPA.
  • Kontakte Asistans Piblik NCEM nan   public.assistance@ncdps.gov   ak nenpòt kesyon RPA ou te soumèt.
  • Dat limit pou PNP yo pou ranpli RPA la se 16 Novanm 2018.

 

###

 

 

Tags:
Dènye mizajou