Metòd Kominikasyon Ekstrawòdinè Yo Anplwaye Apre Pasaj Siklòn nan Zile Vyèj Ameriken Yo

Release Date Release Number
NR 012
Release Date:
October 7, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Pandan Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ansanm ak patnè federal ak teritoryal nou yo ap travay di pou repare sistèm kominikasyon siklòn la te domaje nan Zile Vyèj Etazini yo, n ap fè anpil etap pou asire ke sivivan yo resevwa enfòmasyon ki presi ak rapid sou fason pou rete an sekirite, pou yo satisfè bezwen debaz yo epi pou yo kòmanse refè aprè tanpèt yo.

Yo konn rele Eleman Sipò Enfòmasyon Otorite Sivil Depatman Defans (Department of Defense’s Civil Authorities Information Support Element, CAISE) lan alaksyon sèlman nan sikonstans ki pi ekstrèm yo, òganizasyon sa a ap ede ajans redrèsman yo jwenn enfòmasyon vital nan men sivivan yo ki pa gen kouran pou fè televizyon ak radio mache epi pou alimante tou selilè yo pou komiinike nan telefòn.

Plis pase 50 anplwaye CAISE rive ak ekipman ki enstale sou gwo kamyon lou, epi yo kòmanse travay     St. Thomas ak St. John touswit apre pasaj Siklòn Irma te kraze mwayen tradisyonèl pou kominike sou zile sa yo. Grasa metòd konvansyonèl tankou difizyon nan wo-palè ak distribisyon feyè – ansanm ak metòd ki pi resan tankou mesaj tèks anmas yo voye telefòn selilè – yo te reyisi kontakte plizyè milye sivivan.

Apre yon poz tanporè pandan pasaj Siklòn Maria t ap kraze brize zile yo, ekip yo te retounen alaksyon. Depi yo vini, anplwaye CAISE yo gen tan difize douzèn mesaj nan wo-palè epi disemine plis pase  26,000 mesaj tèks anmas – pou enfòme sivivan yo konsènan nesesite pou enskri opre FEMA, adrès kote gen dlo, manje ansanm ak lòt aliman y ap distribye, kote pou jwenn hotspots Wi-Fi, ak fason pou rete an sekirite epi pwoteje fanmi yo.

Epitou, ekip sa yo ki byen ekipe te òganize evalyasyon epi yo te fè reparasyon nan estasyon radio lokal yo, kote yo te ede retabli enpe nan kominikasyon zile la alontèm.

Ofisye Kowòdonatè FEMA (Federal Coordinating Officer) William Vogel deklare: “Ekip CAISE yo te ede nou tire pwofi de yon sitiyasyon ki te trè difisil; nou te kontakte moun ki si se pa t pou sa, yo pa t ap janm konnen anyen sou aktivite entèvansyon ak redrèsman yo pou tèt pa yo. Pandan travay pou retabli sistèm kominikasyon tradisyonèl zile la, kanpay mesaj CAISE lan te ede evite yon sityasyon kote pa gen enfòmasyon, yo rele sa yon vid enfòmasyonèl.” 

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

Tags:
Dènye mizajou