Ekipman Medikal Dirab Fenk Rive pou Sivivan Siklòn yo ki nan Bezwen

Release Date Release Number
NR-049
Release Date:
November 18, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Madanm lan ki nan Herbert Grigg Home for the Aged sanble li t ap ezite enpe pandan li t ap eseye nouvo chèz woulant li pou premye fwa. Li te pèdi pwòp chèz woulant li pandan Siklòn Maria, sivivan sa a pa t genyen mwayen pou li deplase ankò pandan plizyè semèn. Men kounye an li kapab dirije nouvo chèz la, tout dan li deyò.

Roxann Crawford, ki se chèf ekip Entegrasyon Andikap (Disability Integration_ FEMA an deklare: “Se yon bèl bagay pou wè moun gen kè kontan konsa. Lè nou ba yo ekipman medikal dirab, sa ede yo tounen vin endepandan, sa ki amelyore sante jeneral ak byennèt yo.”

Sitiyasyon konsa gendwa rive plizyè fwa ankò pandan semèn k ap vini yo poutèt gen santèn aparèy asistans medikal y ap livre bay sivivan siklòn ki nan bezwen – se òganizasyon soulajman pou adilt ak timoun andikape ki baze Atlanta, e rele Friends of Disabled Adults and Children (FODAC) ki fè don sa a.

FODAC, ki bay ekipman medikal dirab gratis bay moun ki andikape oswa ki gen bezwen aksè ak fonksyonèl espesyal, ap kolabore ak Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) pou yo livre ekipman enpòtan sa a bay sivivan yo ki nan Zile Vyèj Ameriken yo. Ekipman FODAC ap ditribye an gen ladann chèz woulant, wakè, sipò nan douch, kabann lopital, nebilizè, machin vantilasyon CPAP ak aparèy pou tande. Inisyativ la te posib grasa yon lòt patenarya  ant FEMA ak Pass it On Center, ki se yon òganizasyon ki pa pou fè pwofi ki mete an kontak done yo ak kominote ki gen bezwen. Pass It On fè pati nan Georgia Institute of Technology, ki idantifye ak pwomouvwa itilizsyon teknoloji sistans apwopriye pou moun ki gen andikap.

Pou asire atik don yo rive nan men sivivn ki bezwen yo vreman, espesyalis Entegrasyon Andikap FEMA an ap kontakte sivivan yo kit e deklare yo gen bezwen ki pa satisfè pou ekipman medikal dirab oswa lòt teknoloji asistans, lè yo te enskri opre FEMA.

Ofisye Kowòdinasyon Federal FEMA, William Vogel, vle tout moun konnen ke: “Patenarya nou etabli ak òganizasyon volontè ak non-gouvènmantal yo trè enpòtan pou aktivite redrèsman yo. Ansanm, nou reyisi fè sa òganizasyon leta pa kapab fè pou kont yo: satisfè bezwen sivivan yo.”

Sivivan yo ki manke ekipman medikal oswa ki gen lòt bezwen konsènan deplasman ak aksè ta dwe alète FEMA, lè y ap enskri pou mande asistans oswa pou pale ak yon moun nan nimewo FEMA an.

Sivivan yo pral gen jiska dat limit 18 desanm lan pou enskri opre FEMA pou jwenn asistans. Sivivan yo ki gen aksènan Entènèt gendwa enskri nan DisasterAssistance.gov oswa yo ka rele nan 800-621-3362. Moun ki gen yon andikap pou pale oswa ki di pou tande epi ki itilize TTY ta dwe rele nan 800-462-7585 dirèkteman. Moun ki itilize 711 oswa Sèvis Relè Videyo (Video Relay Service, VRS) gendwa rele nan 800-621-3362.

Nimewo telefòn gratis yo ap mache koumanse 7è nan maten rive 11è leswa (è lokal) 7 jou sou 7. Operatè yo pare pou ede sivivan yo ann Angle, Panyòl ak nan anpil lòt lang toujou.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter.com/femaregion2 ak facebook.com/FEMAUSVirginIslands

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org.

Dènye mizajou