Asistans pou Chomaj Apre Dezas Disponib pou Sivivan Siklòn Zile Vyèj Ameriken yo

Release Date Release Number
NR 015
Release Date:
October 11, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Abitan Zile Vyèj yo ki te pèdi travay yo akòz pasaj siklòn Irma oswa Maria gendwa aplike kounye an pou Asistans Chomaj Dezas (Disaster Unemployment Assistance, DUA) opre Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) pou ede yo refè rapid.

Pwogram DUA an fèt pou bay avantaj chomaj ak sèvis pou re-anbochaj bay moun ki p ap travay akòz yon gwo dezas ki te rive epi ki pa elijib pou asirans chomaj nòmal. Moun ki te pèdi revni akòz dezas la, tankou kiltivatè, pechè, kontraktyèl endepandan ak pwopriyetè tibiznis, gendwa kalifye pou asistans chomaj dezas.

Yon semèn chomaj ki rezilta dirèk dezas la se yon kondisyon anvan règ yo kapab aplikab. Ou gendwa touche avantaj yo pandan 26 semèn – toutotan moun lan kontinye pa gen travay kòm konsekans dirèk de dezas la.

Ofisye Kowòdinasyon Federal FEMA, William L. Vogel, deklre: “Abitan Zile Vyèj yo ap travay di pou refè apre pasaj 2 siklòn yo epi lè yo pèdi travay yo mete sous a, se yon difikilte anplis anpil nan yo  dwe konfwonte. Asistans Chomaj Dezas se yon fason pou FEMA kapab ede sivivan yo redrese sitiyasyon yo.”

Sivivan yo gendwa aplike epi depoze yon reklamasyon nan adrès sa yo:

  • St. John: U.S. Virgin Islands Legislature, St. John Annex, 1D Cruz Bay, koumanse 10zè a.m. rive 3zè p.m., chal lendi, mèkredi ak vandredi
  • St. Thomas: The U.S. Virgin Islands (USVI) Department of Labor nan 2353 Kronprindsens Gade, St. Thomas, koumanse 9è a.m. rive 4è p.m., lendi pou vandredi
  • St. Croix: Juanita Gardine Elementary School (rooms102 ak 103), koumanse 11zè a.m. rive 4trè p.m., lendi pou vandredi

Pou yo ka konsidere yo pou DUA, moun yo dwe prezante yon prèv idantite ak sitwayènte (sitwayen ameriken, nasyonal Etazini oswa etranje ki kalifye). Sivivan yo dwe pote dokiman ki kore ke yo t ap travay pou yon mou n oswa pou tèt pa yo oswa pou pwouve travay yo ta pral kòmanse nan jou dezas la te rive oswa apre dezas la.

Pou kapab kalifye pou DUA, moun yo dwe:

  • Pa elijib pou asirans chomaj nòmal
  • Rete san travay kòm konsekans dirèk dezas la
  • Disponib ak kapab travay, eksepte si yo te blese kòm konsekans dirèk de dezas la
  • Pa te refize yon òf anplwa nan yon pozisyon ki apwopriye pou yo
  • Prezante reklamasyon yo anvan dat limit aplikab la gentan pase:
  • Dat limit pou Siklòn Irma se Lendi 30 oktòb 2017
  • Dat limit pou Siklòn Maria se Madi 7 novanm 2017

Anplis de èd yo ofri Abitan Zile Vyèj yo nan adrès ki anlè yo, Depatman Travay Zile Vyèj Etazini (U.S. Virgin Islands Department of Labor) ap fèaranjman avèk Eta yo ki sou kontinan ameriken an pou ede sivivan ki deplase yo pou yo ranpli demann aplikasyon DUA yo. Si ou bezwen plis enfòmasyon konsènan sèvis Depatman Travay USVI ofri, al gade nan www.vidol.gov.

 

###

 

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

Tags:
Dènye mizajou