Sant Rekiperasyon Dezas ap fèmen nan Big Pine Key

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR-135
Release Date:
December 12, 2017

ORLANDO, Fla. – Yon Sant Rekiperasyon Dezas (DRC) pwograme pou fèmen nan 7:00 p.m. Samdi, 16 Desanm nan Big Pine Key.

Sant Rekiperasyon Dezas ofri sipò an-pèson pou moun endividyèl ak pwopriyetè ti biznis yo. Sivivan yo ki toujou bezwen èd ka vizite nenpòt DRC. Yo ka lokalize youn toupre yo lè yo rele liy èd FEMA nan 800-621-3362 (Vwa, 711 oswa VS) oswa 800-462-7585 (TTY). Nimewo liy èd yo ouvè 7 a.m. pou rive 11 p.m., sèt jou pa semèn. Ou ka jwenn yon lokalizatè DRC nan www.fema.gov/disaster-recovery-centers oswa lè ou itilize FEMA App.

DRC a nan adrès ki annaprè a:

 

Big Pine Key (Monroe County)

Former Bank of America Building

     30572 Overseas Highway

     Big Pine Key, FL 33043

Èdtan: Lendi jiska Samdi 9:00 a.m. rive 7:00 p.m.

LOKAL SA AP FÈMEN NAN DAT 16 DESANM

 

Si ou gen telefòn ak/oswa aksè entènèt, ou ka kontakte tou FEMA nan youn nan fason ki annaprè yo:

  • Sou entènèt nan DisasterAssistance.gov.
  • Rele liy Èd FEMA nan  800-621-3362 pou vwa,  711 ak Sèvis Relè Videyo (VRS). Si ou soud, gen difikilte pou tande, oswa si ou gen yon pwoblèm pou pale e ou itilize yon TTY, rele 800-462-7585.

Ou ka gen lòt bezwen pandan wap vizite yon DRC:

  • Si ou gen yon andikap e ou bezwen akomodasyon rezonabl, tanpri wè avèk yon manadjè DRC lè ou rive.
  • Yo ofri tradiksyon lang grasa sèvis Entèpretasyon nan Telefòn nan 200 lang.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou Siklòn Irma ak Rekiperasyon Florid, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, @FEMARegion4 Twitter account, oswa Florida Division of Emergency Management website.

 

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ansanm avèk sekouris yo pou asire ke antanke yon peyi nou travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan, ak diminye tout danje yo.

Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj.

 

###

Tags:
Dènye mizajou