Inisyativ pou redui efè katastwòf la disponib nan magazen pou renovasyon rezidansyèl yo nan Florid

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 082
Release Date:
October 30, 2017

ORLANDO, Fla. – Espesyalis FEMA yo k ap travay pou redui efè katastwòf la pral disponib nan plizyè kote pou ofri ti konsèy ak teknik pou repare kay, kèk metòd ki fè prèv yo ki prevni oswa redui domaj pou lòt katastwòf k ap vini yo ak apwòch pou konstwi kay ki ka reziste ak danje. Enfòmasyon sa a se pou tout moun. Yo kouvri sijè tankou asirans kont inondasyon, ranfòse sèvis piblik yo epi rekonstwi kay ki inonde yo.

W ap jwenn bwochi referans gratis ki disponib ki gen enfòmasyon sou fason pou prevni epi redui domaj pou lòt katastwòf k ap vini yo. W ap jwenn plis enfòmasyon sou fason pou ranfòse pwopriyete w nan https://www.fema.gov/protect-your-property.

Konseye FEMA yo pral disponib nan magazen ak nan dat ki pral site anba a:

Konte

Lokalite

Dat

Highlands

Lowe’s

2050 U.S. Highway 27 North

Sebring, FL 33870

 30 okt. – 11 nov.

Chak jou

7:30 a.m. – 6 p.m.

Lee

Lowe’s

10070 Estero

Town Commons Place

Estero, FL 33928

30 okt. – 11 nov.

Chak jou

7:30 a.m. – 6 p.m.

Miami-Dade

Lowe’s

9191 SW 137th Ave.

Miami, FL 33186

30 okt. – 11 nov.

 

Chak jou

7:30 a.m. – 6 p.m.

Orange

Lowe’s

1300 Osceola Parkway W

Kissimmee, FL 34741

31 okt. – 11 nov.

Chak jou

7:30 a.m. – 6 p.m.

 

###

Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, oswa suiv nou @FEMARegion4 sou Twitter epi sou paj Facebook FEMA a.

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje.

Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak pou mete bagay nan depo.

###

Tags:
Dènye mizajou