Fwòd aprè katastwòf: Lè w ranpli fo reklamasyon nan FEMA sa ka koute chè pou sivivan ki merite èd la

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 086
Release Date:
October 31, 2017

ORLANDO, Fla. – Moun ki fè eksprè pou fè reklamasyon pou pèt yo pa sibi toutbon nan Ajans Federal pou Jesyon Kadijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ap pran lajan nan men moun ki vrèman bezwen asistans epi moun sa yo kouri danje pou yo chaje yo avèk yon krim.

FEMA dwe asire l lajan moun ki peye taks yo sèvi sèlman pou moun ki te sibi pèt ki lejitim epi ajans lan konsidere debousman fon ki nesesè pou moun ki apwopriye kòm yon bagay serye anpil.

Yo ka chaje moun yo kenbe k ap fè fo reklamasyon avèk yon krim epi, si yo kondane l, li ka sibi yon pèn prizon 30 an omaksimòm epi amann ki ka rive jiska $250,000.

Si w konnen yon moun ki fè fo reklamasyon pou domaj nan FEMA, ou ta dwe rapòte sa ak lòt ka fwòd, gaspiyaj oswa abi:

  • Kontakte biwo enspektè jeneral (Office of Inspector General, OIG) nan Depatman Sekirite Nasyonal la nan 800-323-8603, TTY 844-889-4357.
  • Ou ka pote yon plent sou entènèt sou sitwèb OIG a (www.oig.dhs.gov), ou ka voye l pa faks nan 202-254-4297 oswa ou ka voye l pa lapòs nan: DHS Office of Inspector General: Mail Stop 0305; Department of Homeland Security; 245 Murray Drive SW; Washington DC 20528-0305.
  • Sivivan yo ka rele liy denonsyasyon Biwo chèf ofisye sekirite (Office of the Chief Security Officer, OCSO) FEMA a nan 866-223-0814 oswa imèl nan FEMA-OCSO-Tipline@fema.dhs.gov.

Se ka yon mesaj anrejistre ki reponn apèl yo. Yo pral poze moun k ap rele a kèk kesyon. Yo pral mete enfòmasyon an nan sistèm done a epi y ap asiye enfòmasyon an bay yon envestigatè sou teren. Si moun ki rele a te kite yon non ak yon nimewo telefòn, se envestigatè a k ap rele moun nan bak, se pa moun ki te reponn apèl la. Yon enspektè gen 90 jou pou verifye plent lan.

Ajan espesyal nan biwo enspektè jeneral la sèvi ak yon kantite metòd pou detekte fwòd. Yon sistèm otomatize verifye enfòmasyon avèk lòt ajans ak konpayi asirans pou elimine aplikasyon doub. Yo fè enspeksyon sou teren pou verifye pèt ak domaj pou chak moun ki aplike nan FEMA pou asistans endividyèl. Nou rekòmande ka potansyèl fwòd oswa abi yo pou pousuit kriminèl kòm enfraksyon federal.

Verifikasyon ak envestigasyon aktivite ki potansyèlman gen fwòd ladan yo se pwosedi estanda nan tout operasyon federal pou katastwòf. Depatman Lajistis Etazini angaje pousuit ka ki pwodui chaj kriminèl.

Tout aplikan ki te fè yon erè lè yo t ap rapòte domaj yo sibi oswa te fè fo deklarasyon sou pèt yo te sibi genyen opòtinite pou yo korije oswa anile reklamasyon yo a. Moun yo dwe rele liy asistans FEMA a nan (800-621-3362) pou vwa oswa 711 VRS, oswa 800-662-7585 pou TTY pou retire oswa korije yon aplikasyon epi evite pousuit nan lajistis.

Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, oswa suiv nou @FEMARegion4 sou Twitter ak sou paj Facebook FEMA a.

                                                                                                    ###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje.

Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.                                                                             

Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak pou mete bagay nan depo.

Tags:
Dènye mizajou