Pwolongasyon Dat Limit Pwogram Asistans nan Ijans pou Preskripsyon

Release Date Release Number
94
Release Date:
March 2, 2018

ST. CROIX, Zile Vyèj – Pwogram federal ki bay asistans pou preskripsyon ki ijan pou sivivan dezas ki pa gen asirans ap kontinye jiska 14 mas, poutèt teritwa a te fè demann la.

Abitan Zile Vyèj yo ki pa gen pwoteksyon asirans pou preskripsyon epi ki te pèdi medikaman oswa rezèv atik medikal akòz pasaj Irma ak Maria gendwa elijib pou yo ranplase gratis pou yo pandan 30 jou sèten medikaman ak ekipman medikal yo te pèdi.

Pou kapab kalifye, se pou sivivan an gen yon preskripsyon ki valab nan moman an. Sivivan yo ki gen Medicare, Medicaid, oubyen, si preskripsyon an se pou yon timoun li ye, si yo gen pwogram sante ki rele Children’s Health Insurance Program ansanm epi tout sivivan ki gen asirans prive, tankou asirans yo jwenn nan travay yo atravè anplwayè yo, pa elijib.

Anpil famasi nan Zile Vyèj (USVI) ap patisipe nan Pwogram Asistans ki Ijan pou Preskripsyon (Emergency Prescription Assistance Program, EPAP) an. Tcheke ak famasi ou pou verifye si l ap patisipe nan pwogram la. Si ou gen kesyon konsènan fason pou jwenn aksè nan swen EPAP ofri, rele nan 855-793-7470. 

Se Biwo Sekretè-Adjwen pou Preparasyon ak Entèvansyon (Office of the Assistant Secretary for Preparedness and Response) ki nan Depatman Sante ak Sèvis Imen Etazini (U.S. Department of Health and Human Services) k ap jere EPAP lan epi se FEMA ki finanse li.

Si ou vle jwenn plis enfòmasyon konsènan EPAP ak medikaman ak atik rezèv ki kapab ranplase grasa pwogram sa a, al gade nan www.phe.gov/epap.

 

# # #

 

Depatman Sante ak Sèvis Imen Etazini (U.S. Department of Health and Human Services, HHS) se ajans federal prensipal la ki responsab pou pwoteje sante tout sitwayen Ameriken epi pou bay sèvis imen ki esansyèl, espesyalman pou moun ki mwens kapab ede tèt pa yo. Biwo Sekretè-Adjwen pou Preparasyon ak Entèvansyon (Office of the Assistant Secretary for Preparedness and Response, ASPR) ki nan Depatman Sante ak Sèvis Imen Etazini (U.S. Department of Health and Human Services, HHS) ap dirije HHS pou prepare nasyon an pou li kapab fè entèvansyon ak pou li refè akòz efè negatif sitiyasyon ijans yo genyen sou kominote yo, kote li sipòte kapasite kominote yo pou kenbe djanm lè gen pwoblèm, pou ranfòse sistèm sante ak sistèm entèvansyon yo epi pou amelyore sekirite lasante toupatou nan peyi a.

Si ou vle jwenn plis enfòmasyon osijè ASPR ak metòd pou pare, fè entèvansyon epi redrese sitiyasyon an akòz enpak dezas yo genyen sou lasante, al gade nan wèbsayt sante piblik ak ijans medikal HHS lan nan www.phe.gov

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

Tags:
Dènye mizajou