Rekonstwi fason ki pi solid epi pi sekirize aprè Irma

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 087
Release Date:
Novanm 1, 2017

ORLANDO, Fla. – Pandan w ap rekonstwi aprè siklòn Irma, pran dèmezi pou fè kay ou pi rezistan pou katastwòf k ap vini alavni.

Premye etap la se pou chèche gen nenpòt pèmi ki nesesè epi respekte tout kòd lokal yo pou konstriksyon lè w ap rekonstwi oswa lè w ap fè reparasyon. Kontakte ofisyèl lokal pou kòd yo anvan w kòmanse nenpòt konstriksyon pou asire w ou satisfè tout kondisyon pou konstriksyon lokal yo.

Genyen kèk resous ki disponib pou ede w rekonstwi defason pi solid epi pi sekirize aprè yon katastwòf. Apade asirans, Administrasyon Ti Antrepriz Ozetazini (SBA) se sous prensipal lajan pou rekonstriksyon alontèm pou pwopriyete prive w la ki te domaje akoz katastwòf la.

Ou ka elijib tou pou asistans pou rekonstwi defason pi solid epi pi sekirize si w genyen yon polis asirans nan pwogram asisrans nasyonal kont inondasyon an (NFIP). Ogmantasyon Kou Konfòmite (Increased Cost of Compliance, ICC) ka ofri fon siplemantè pou ede w repare oswa rekonstwi kay ou a.

Prete lajan pou katastwòf ak enterè ki ba nan SBA

Aprè w fin anrejistre nan FEMA, ou ka aplike pou prete lajan pou katastwòf ak enterè ki ba nan SBA. Ale sou entènèt lè w itilize yon aplikasyon elektwonik sou sit sekirite SBA a nan https://disasterloan.sba.gov/ela. Ou ka vizite tou yon sant FEMA pou rekiperasyon akoz katastwòf epi rankontre avèk yon reprezantan SBA an pèsòn. Pou jwenn yon sant ki pi pre w, rele liy asistans FEMA a nan 800-621-3362, sèvi ak FEMA app pou telefòn entèlijan oswa ale anliy nan www.fema.gov/DRC.

Dat limit pou retounen aplikasyon yo pou domaj fizik pwopriyete w la se 24 novanm 2017. Lè SBA detèmine ou elijib pou yo prete w lajan, ou pa gen okenn obligasyon pou aksepte l.

Prè lajan pou redui risk nan SBA

Si w aksepte yon prè ak enterè ki ba akoz katastwòf la, ou ka elijib pou fon siplemantè nan SBA pou kouvri depans pou amelyorasyon ki pral pwoteje pwopriyete w la kont domaj alavni. Kèk egzanp amelyorasyon ki ka redui risk enkli mi soutènman, dig, ponp asèchman, e menm chanm sekirize ak refij kont tanpèt.

Lajan ou prete nan SBA pou redui risk se pral anplis de montan lajan yo prete w ak enterè ki ba a yo apwouve a, men li paka depase 20 pousan nan montan total domaj fizik pwopriyete a te sibi, jan SBA verifye sa, jiska yon maksimòm $200,000 pou prè imobilye. Apwobasyon mezi pou redui risk SBA yo pral nesesè anvan yo ogmante kantite prè a.

Ogmantasyon kou konfòmite

Si w gen yon polis asirans kont inondasyon nan NFIP ak yon bilding ki gen gwo domaj nan yon zòn espesyal danje inondasyon ou ka itilize fon siplemantè nan polis asirans ou an (jiska $30,000) pou ede defreye depans pou elve, deplase oswa demoli yon estrikti pou fè bilding nan vin an konfòmite avèk lwa oswa òdonans pou jesyon plèn inondasyon eta oswa kominote a. Fon sa a rele Ogmantasyon Kou Konfòmite (Increased Cost of Compliance, ICC).

Domaj konsiderab se yon ekspresyon NFIP itilize. Ou ta dwe kontakte ofisyèl lokal pou konstriksyon yo pou konnen poukisa epi ki fason yo te fè yon detèminasyon domaj konsiderab sou yon estrikti ki te afekte akoz siklòn Irma.

Ekspè nan reklamasyon w lan oswa ajan asirans ou an pral kapab ba w plis enfòmasyon sou ICC. Ou ka jwenn detay tou sou entènèt nan Increased Cost of Compliance Coverage: How You Can Benefit.

Ou ka anrejistre pou asistans nan FEMA anvan 24 novanm 2017 nan youn nan fason sa yo:

  • Sou entènèt nan www.DisasterAssistance.gov oswa nan FEMA App.
  • Si w pa gen aksè sou entènèt, ou ka rele 800-621-3362.
  • Moun ki gen difikilte pou pale oswa ki pa tande epi ki itilize TTY ta dwe rele 800-462- 7585.
  • Pou moun ki itilize 711 oswa Video Relay Service (VRS), rele 800-621-3362.
  • Nimewo telefòn gratis sa yo pral fonksyone apati 7 a.m. jiska 11 p.m. (EST) sèt jou pa semèn jiskaske yo fè konnen otreman.

Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, oswa suiv nou @FEMARegion4 sou Twitter ak sou paj Facebook FEMA a.

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje.

Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak pou mete bagay nan depo.

###

Tags:
Dènye Mizajou