Pwogrè ki fèt nan retablisman 100 jou aprè siklòn nan

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 137
Release Date:
December 19, 2017

ORLANDO, Fla. – Nan 100 jou ki sot pase depi deklarasyon prezidansyèl sou katastwòf la aprè pasaj destriktè siklòn Irma nan Florid, eta a, avèk èd patnè federal yo, te fè gwo pwogrè sot nan entèvansyon pou rive nan retablisman enpòtan.

Etap enpòtan nan pwogrè sa a:

  • $2,49 milya dola nan pòch sivivan yo
  • Plis pase $1 milya dola nan lajan yo prete moun akoz katastwòf la ak enterè ki ba Administrasyon Ti Antrepriz Ozetazini (U.S. Small Business Administration, SBA) te apwouve
  • $958 milyon dola yo te apwouve pou sivivan yo atravè Pwogram pou Endividi ak Fanmi (IHP) nan Ajans Federal pou Jesyon Kadijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA)
  • $519,8 milyon dola pèman sou reklamasyon nan Pwogram Nasyonal pou Asirans akoz Inondasyon (National Flood Insurance Program, NFIP)
  • 26,274 volontè ki sot nan 270 ajans volontè ki te pase plis pase 1,24 milyon èdtan ap ede sivivan yo
  • Ekip asistans sivivan akoz katastwòf FEMA a te vizite prèske 303,747 kay
  • $3,2 milyon dola nan asistans pou chomaj akoz katastwòf la pou plis pase 5,900 Floridyen ki te pèdi travay yo oswa revni yo akoz Irma
  • 99,973 Floridyen te resevwa asistans endividyèl nan Sant pou Retablisman akoz Katastwòf (Disaster Recovery Centers, DRC) yo nan tout eta a
  • Yo te enstale 13,370 twati kay tanporè. Operasyon Twati Ble te fini nan eta Florid la

Apati 14 desanm, ajans federal yo te bay plis pase $2,49 milya dola pou ede kouvri pèt siklòn Irma te koze. Sa enkli lajan yo te peye moun ki gen asirans NFIP yo, atravè prè lajan ak enterè ki ba nan Administrasyon Ti Antrepriz Ozetazini (U.S. Small Business Administration, SBA) ak sibvansyon nan FEMA. Fon sa yo rann li posib pou kòmanse rekonstri kay yo epi restore kominote yo.


Toutsuit aprè siklòn Irma te fin frape, FEMA te voye kèk ekip asistans pou sivivan akoz katastwòf la nan zòn ki te afekte yo pou fè yo konnen gen asistans ki disponib pou sivivan yo. Ekip sa yo te pale epi yo te bay enfòmasyon ak anviwon 190,000 moun.

Plis pase 2,6 milyon sivivan nan konte yo te deziye yo te anrejistre pou resevwa asistans. Nan somè entèvansyon pou siklòn Irma a, 22 sant pou retablisman akoz katastwòf (Disaster Recovery Centers DRC) te ouvri pou ede sivivan yo avèk anrejistreman epi reponn kesyon yo te genyen. Rès de DRC yo ki te ouvri yo fèmen nèt semèn sa a.

Endividi ak fanmi yo te resevwa plis pase $940 milyon dola nan sibvansyon FEMA, ikonpri $160 milyon pou reparasyon kay ki te domaje akoz katastwòf la epi prèske $490 milyon dola nan asistans pou peye lwaye.

SBA ofri prè lajan ak enterè ki ba pou pwopriyetè kay, lokatè ak pwopriyetè biznis. SBA a te apwouve plis pase $1 milya dola nan prè lajan akoz katastwòf la pou ede plis pase 28,400 biznis ak rezidan pou repare, rekonstri, ranplase epi retabli.

NFIP a te resevwa plis pase 27,555 reklamasyon epi l te peye plis pase $519,8 milyon bay moun ki gen asirans yo, ikonpri pèman alavans pou ede pwopriyetè kay yo avèk kèk reparasyon.

Asistans piblik (Public Assistans, PA)

Pou lemoman, FEMA ansanm ak eta a ap evalye kèk pwojè yo te soumèt pou asistans federal akoz katastwòf. Pwogram asistans piblik FEMA a ofri sibvansyon pou gouvènman eta ak lokal yo ak kèk antite a bi non likratif pou anlve debri, pou pran mezi pwoteksyon nan kadijans ak restorasyon enfrastrikti pèmanan. Jiska dat, eta a te resevwa 1,174 demann pou asistans piblik. Pòsyon asistans federal pou katastwòf sa a se 75 pousan nan depans ki elijib yo.

Ajans volontè ak bezwen ki poko satisfè

Volontè nan eta Florid la ak atravè peyi a ap ofri tan yo ak talan yo nan efò retablisman akoz siklòn Irma a. Pou lemanman, ajans volontè yo, gwoup relijye yo, klib sèvis lokal yo ak volontè endividyèl yo ap ede netwaye epi rekonstri sot nan Jacksonville pou rive jis nan Keys yo. Ansanm, volontè sa yo ap ede rezoud bezwen ki poko fin satisfè yo epi y ap debleye wout la pou retablisman.

Pou plis enfòmasyon sou retablisman, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, oswa suiv nou sou Twitter @FEMARegion4 ak sou paj Facebook FEMA a.

 

                                                        ###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje.

Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak pou mete bagay nan depo.

Tags:
Dènye mizajou