Yo toujou bezwen volontè ak donasyon pou ede sivivan Louisiana yo

Release Date Release Number
NR 013
Release Date:
January 15, 2021

BATON ROUGE, La. – Alaswit siklòn Laura ak Delta, volontè yo toupatou nan peyi a, kominote lokal yo ak eta te ede sivivan yo avèk alafwa repons ak rekiperasyon.  Men, senk mwa apre, anpil sivivan toujou bezwen asistans pou ale Delavan nan rekiperasyon alontèm.

Yo te bay sivivan yo asistans avèk donasyon ak distribisyon manje, rad ak lòt atik imedyat apre yo rive. Volontè yo te ede sivivan yo avèk retire debri, debleyaj oswa egou ki inonde, retire pyebwa, ak bach sou twati.

Jiska dat, non pwofi ak volontè yo te ede sivivan ki te afekte yo pa siklòn Laura ak Delta resevwa:

  • Plis pase 15.9 milyon repa pa Gwoup Travay Louisiana Multi-Feeding; ak
  • Plizyè milye atik tankou rad, pwodui ijyèn, twous netwayaj ak lòt nesesite medikal yo.   

Pawas Acadiana, Central, Nòdès ak Sidwès Louisiana toujou bezwen volontè yo pou ede avèk netwaye oswa evisere kay ki inonde yo, bach sou twati, retire pyebwa ak reparasyon kay /rebati pwojè yo.  Anpil ajans volontè ak òganizasyon non-pwofi yo nan rejyon ki afekte yo ki konte sou volontè yo ak donasyon pou kontinye efò rekiperasyon nan kominote lokal yo.   

Óganizasyon Aktif Volontè Louisiana nan Katastwòf yo (LA VOAD) se yon konsòsyòm ajans ak non-pwofi yo ki angaje pou bay èd enpòtan pou sivivan ak kominote yo pandan tout rekiperasyon an. Manm yo gen ladan American Red Cross, Consulting Partners, United Methodist Louisiana Conference, Lutheran Social Services Disaster Response ak Samaritans’ Purse. Gwoup sa yo rankontre regilyèman pou diskite sou difikilte yo nan kominote a epi jwenn fason kreyatif pou kolabore pou satisfè bezwen sivivan yo.

Lyezon Ajans Volontè FEMA [FEMA’s Voluntary Agency Liaisons (VALs)] ede gide ak edike kominote lokal ak non-pwofi yo sou donasyon ak jesyon volontè. VAL yo travay avèk gwoup sa yo pou ede ogmante valè volontè yo, atik yo bay ak ajans yo pandan tout pwosesis rekiperasyon an. Gwo gwoup volontè yo souvan gen rapò avèk Óganizasyon Volontè Nasyonal Aktif nan Katastwòf yo [National Voluntary Organizations Active in Disasters (NVOAD)] ak Louisiana VOAD.

 

Kijan pou Patisipe

Byenke nou apresye tout don yo, lajan kach preferab.  Lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksiblite pou jwenn resous ki pi nesesè. Anpil charite spesyalize nan bay soulajman nan zòn katastwòf yo, men yo toujou ap fè fas avèk obstak finansye enpòtan pou bay anplwaye yo, ekipman ak founiti pou zòn ki afekte yo.  Nenpòt kontribisyon ki fèt ap gen dediksyon taks epi ede mete sekouris katastwòf eksperimante yo ki sou teren an ansanm avèk pou ba yo zouti yo bezwen pou ede sivivan yo rekipere. Óganizasyon yo jeneralman prefere don lajan kach paske yo otorize òganizasyon yo pou:

  • Achte manje, dlo, medikaman ak ekipman nan men chèn apwovizyonman  sekirize ak familye
  • Konsève resous yo.  Lajan toujou nesesè epi a bon mache pou voye, men depans pou transpò materyèl founiti ka koute chè.
  • Founiti materyèl  tankou rad ize, atik menaje pou kay, ak manje melanje oswa ki kapab gate ki bezwen  ajans kap ede yo pou redirije travay volontè yo nan bay asistans dirèk en-a-en pou triye, anbale, transpòte, depo, ak distribye atik yo ki ka pa satisfè bezwen sivivan yo.

Pou asire ke yo itilize kontribisyon finansye w nan fason responsab, vizite  Biwo Sekirite Enteryè ak Preparasyon Ijans Gouvènè a [Governor's Office of Homeland Security and Emergency Preparedness (GOHSEP)] ak Óganizasyon Nasyonal Volontè Aktif yo nan Katastwòf [National Voluntary Organizations Active in Disasters] pou w jwenn lis òganizasyon yo kap resevwa donasyon.

Volunteer Louisiana bay tou sipò pou gwoup volontè ak non-pwofi. Etabli daprè Biwo Gouvènè Adjwen an, VolunteerLouisiana se komisyon sèvis eta ak ede ankouraje sèvis nasyonal ak volontarya toupatou nan eta. Volontè potansyèl yo ki vle ede ka enskri avèk VolunteerLouisiana oswa nenpòt ajans volontè, òganizasyon charite oswa chwa non-pwofi  yo.

 

Louisiana 211

Sivivan yo kap chèche enfòmasyon sou sèvis yo ki gen rapò avèk katastwòf ak bezwen ki pa satisfè ki gen rapò avèk siklòn Laura ak Delta ka rele 2-1-1, yon sèvis referans nan tout eta, pou jwenn resous nan kominote lokal yo. Sa  yok a gen ladan bay manje/lokasyon gadmanje, gadri, asistans finansye, konsèy pou kriz, jesyon dosye, asistans transpòtasyon, travay volontè, netwayaj ijans (labou/fatra, retire debri, bach sou twati, retire branch bwa) byen pèsonèl.

Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite www.fema.gov/disaster/4559 oswa swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA nan twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou