FEMA Rete nan Louisiana pou ede sivivan Siklòn yo

Release Date Release Number
NR 012
Release Date:
January 12, 2021

BATON ROUGE, La. – Li pral pran plizyè ane pou Louisiana rekipere nan sezon siklòn 2020 an, yon pwosesis ki rete annaksyon sou anpil aspè.

FEMA, ansanm avèk patnè eta ak federal nan Louisiana, rete angaje pou reponn bezwen alontèm sivivan yo epi ede yo rebati pi solid, kay ak kominote ki pi rezistan.

Nan dat 6 Janvye, yo te mete plis pase $900 milyon dola nan men sivivan Louisiana yo. FEMA toujou preske genyen 900 anplwaye ajans ki rete nan eta pou travay sou katastwòf sa yo e lap anboche ak fòme rezidan lokal yo pou kontinye travay.

Sivivan yo ki te resevwa yon lèt detèminasyon ki di aplikasyon yo pa elijib ka panse ke desizyon sa a pa kòrèk oswa sitiyasyon yo te chanje.  Sivivan yo ka pale avèk espesyalis FEMA yo pou aprann sou pwosesis apèl la, diskite dokiman ki nesesè ak jwenn asistans avèk ekri yon lèt apèl.  Kontakte FEMA:

Spesyalis Asistans Endividyèl FEMA kontinye travay pou mete ajou ak konplete aplikasyon ak apèl yo ki soti nan kay yo siklòn Laura ak Delta te afekte.  Ou ka mete ajou enfòmasyon kontak ou oswa règleman asirans lè ou itilize enfòmasyon kontak ki anwo a.

Yo bay asistans Lojman Tanporè Dirèk sèlman pou rezidan yo nan pawas yo kote lojman pa disponib fasilman. Asistans Lojman Tanporè Dirèk disponib pou sivivan siklòn Laura yo nan pawas Allen, Beauregard, Calcasieu, Cameron, Grant, Jefferson Davis, Rapides ak Vernon, ak pou rezidan siklòn Delta yo nan pawas Acadia, Beauregard, Calcasieu, Cameron, Jefferson Davis, Rapides, St. Landry, St. Martin ak Vermilion.

FEMA detèmine si aplikan yo elijib pou Lojman Tanporè Dirèk ak parye yo avèk pi bon solisyon lojman ki disponib pou reponn a bezwen lojman yo.  Okenn anrejistreman adisyonèl pa nesesè. Delè limit pou referans se 31 Janvye.

Gen anpil lòt pwogram FEMA ki pa osi vizib pou sivivan endividyèl yo.

Spesyalis yo avèk FEMA ede kominote yo kòm Lyezon Ajans Volontè (VALs). Yo sèvi kòm pwen kowòdinasyon santral ant gouvènman lokal, eta, tribi, teritoryal ak federal, òganizasyon kominotè ki baze sou lafwa– enkli kowòdinasyon pou volontè ak donasyon yo. VAL yo jwe yon wòl enpòtan nan misyon FEMA e yo souvan rele pou yo kapab pon FEMA avèk kominote a.

Grasa pwogram asistans piblik li, FEMA ak espesyalis Asistans Pilik yo nan Louisiana ap travay alontèm pou ede òganizasyon yo rebati enfrastrikti ki te andomaje nan siklòn yo. Gen 381 demann ki apwouve pou Asistans Piblik (RPA) pou sikòn Laura ak 186 pou siklòn Delta nan dat 11 Janvye. Delè limit pou demann Asistans Piblik pou siklòn Laura se te 31 Desanm; delè limit RPA pou siklòn Delta te pwolonje jiska 15 Janvye.

Espesyalis FEMA yo kanpe nan Lendi jiska Samdi, 8 a.m. rive 6 p.m. pou pale avèk ou osijè repare/rebati pi solid ak ansekirite.  Tanpri rele yo nan 833-336-2487.

Vizite paj entènèt sa a pou piblikasyon ou ka itilize kòm gid pou rekiperasyon: https://fema.connectsolutions.com/lamit/ or https://fema.connectsolutions.com/la-es-mit/ pou Panyòl.

Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou siklòn Laura, vizite fema.gov/disaster/4559. Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou siklòn Delta, vizite fema.gov/disaster/4570. Swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA nan twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou