Ouvèti Sant Retablisman Dezas Sou-volan nan Pawas LaSalle

Release Date Release Number
NR 040
Release Date:
October 6, 2020

BATON WOUJ, La. -Yon Sant Retablisman Dezas Sou-volan pral louvri nan pawas LaSalle soti Jedi 8 Oktòb pou rive Madi 13 Oktòb pou ede reskape Siklòn Laura yo.

Sèvis sou volan an genyen kòm staf pèsonèl FEMA ki disponib pou skane dokiman, asiste avèk anrejistreman epi ede reponn kesyon sou pwogram asistans-dezas.

Sant lan fonksyone selon pwotokòl rijid pou COVID-19 pou asire vizitè yo an tout sekirite. Mask oswa pwoteksyon pou kouvri figi obligatwa pou antre nan sant lan ak pou resevwa sèvis. Reskape yo rete nan machin yo. Pral genyen yon espesyalis, kap gen yon mask nan figi li, ki pral resevwa dokiman yo atravè fenèt la e lap remèt ou dokiman yo apre.

Ou pa bezwen pran randevou.  Lè fonksyònman yo se 7è nan maten pou 5è nan aswè chak jou.

Sant sèvis etan w nan machin ou an sitiye nan:

LaSalle Parish

Jena Town Park

Pakin ki pre teren Soft Ball fi a

1326 Terral St.

Jena, LA 71342

 

Gen lòt sant anplis ki deja ouvri nan Louisiana.  Sivivan yo ka ale nan nenpòt sant ki louvri. Pou ou lokalize sant ki pi prew la, rele liy èd FEMA, vizitewww.DisasterAssistance.gov egateway.fema.gov/ESF6/DRCLocatoroubyen telechaje    Aplikasyon Mobil FEMA nan fema.gov/about/news-multimedia/app.

 

Reskape yo pa bezwen vizite yon sant sèvis etan w nan machin pou yo aplike oswa pou yo mete aplikasyon yo ajou. Pou poze kesyon endividyèl oswa pou soumèt enfòmasyon:

  • Rele Liy Asistans FEMA a nan 800-621-3362 oswa TTY 800-462-7585. Pou moun ki itilize yon sèvis relè tankou videyofòn, InnoCaption oubyen CapTel ta sipoze fè FEMA konnen sa avèk nimewo espesifik ki atache ak sèvis sa.
  • Vizite DisasterAssistance.gov/.
  • Pou resevwa yon lyen pou telechaje aplikasyon FEMA (depandamman de aparèy ki nan men w lan) :
    • Aparèy Apple yo : ekri APPLE voye bay 43362 
    • Aparèy Android : ekri ANDROID voye bay 43362
  • Rele 211 oubyen voye 527435837 bay 898-211. Pou moun yo evakye soti Louisiana yo e ki deyò-Eta a kounya, tanpri rele 337-310-4636. Pou ou jwenn sipò, nimewo sa valid pou itilizatè TTY ki pa nan eta a.
  • Vizite fema.gov/about/news-multimedia/app
  • Pou ou jwenn yon sèvis sou-volan DRC ou ka ekri 43362 epi tape DRC (Zip Code) pa egzanp DRC 01234.

 

Prè pou dezas a interè-ba SBA disponib pou biznis tout ta yak kèk organizasyon non-likratif jiska $2 milyon pou domaj a pwopriyete yo.  Pou ti biznis yo, sa ki angaje nan kilti akwatik, ak non-likratif prive yo kapab prete jiska $2 milyon pou kapital woulman yo menm si yo pa gen domaj sou pwopriyete yo. 

 

Pwopriyetè kay yo ka prete jiska $200,000 pou repare oubyen ranplase yon rezidans prime. Pou pwopriyetè kay ak moun ki ap lwe yo, jiska $40,000 pou ranplase pwopriyete pèsonèl , ki konte veyikil, disponib.

 

Biznis yo ak rezidan yo kapab aplike anliy nan  www.sba.gov/funding-programs/disaster-assistance oubyen pa imèl nan FOCWAssistance@sba.gov. Pou ou ka jwenn asistans tan ou ap ranpli aplikasyon SBA a, rele 800-659-2955 (TTY at 800-877-8339) oubyen voye imèl bay  FOCWAssistance@sba.gov

Reskape Siklòn Laura yo avèk kesyon sou reparasyon kay  dwe kontakte sansibilizasyon pou soulajman FEMA nan 866-579-0820 or at fema-mitoutreach-4559@fema.dhs.gov Lendi-Samdi, 8am pou  6pm CDT. Pou wè resous soulajman yo vizite https://fema.connectsolutions.com/lauramit/.

Tags:
Dènye mizajou