Rimè:FEMA retire kò l nan zòn North Carolina siklòn nan afekte yo akoz menas li jwenn.
Reyalite
Se pa vre.
Toupandan nou te pran dispozisyon pou asire sekirite ekip nou yo ak moun nou t ap eseye ede yo, nou te kontinye ede kominote Helene te frape yo.
Nan jou ki te 12 oktòb 2024 la, FEMA te v in konnen gen yon menas ki sanble fèt sou ekip nan North Carolina a. Nou te pran desizyon pou ekip FEMA ki bay sivivan katastwòf yo èd sispann frape nan pòt moun nan katye yo, men nou te deside pou yo kanpe nan kèk kote nan katye yo kote yo t ap toujou ka fè rankont epi travay ak sivivan katastwòf yo pou ede yo jwenn èd. Nou te pran desizyon sa a ann amoni ak pwosesis fonksyònman abityèl nou yo sou tèren an pou asire ekip FEMA a an sekirite e li ka konsantre l sou bay sivivan katastwòf yo èd.
Nou travay men nan men ak fòs delòd yo ak ofisyèl eta yo pandan tout pwosesis la e nou te anonse 14 oktòb ekip FEMA yo gen pou yo rekòmanse frape nan pòt pou bay sivivan yo èd.
FEMA ap kontinye veye enfòmasyon li jwenn sou menas yo e l ap fè chanjman nesesè anrapò ak sa an kolaborasyon ak otorite lokal yo.