Rimè:Aplike plizyè fwa pou asistans pou katastwòf sa ap akselere pwosesis pou yo apwouve yo.
Reyalite
Moun yo bezwen aplike pou asistans yon fwa pou chak kay. Pa re-soumèt oswa kreye yon nouvo aplikasyon pandan pwosesis asistans pou dezas la. Lè w soumèt plis pase yon aplikasyon pou chak katastwòf, sa ap lakòz reta.
Ou ka tcheke estati aplikasyon w lan oswa li nenpòt korespondans FEMA lè w ale nan kont DisasterAssistance.gov ou oswa lè w rele liy èd FEMA a nan 800-621-3362.