Poukisa m pa ka aplike pou asistans kote m ye a?
Pwosesis deklarasyon pou yon katastwòf majè kòmanse lè yon Gouvènè eta oswa Chèf Egzekitif yon Tribi deklare yon eta ijans epi mande asistans federal. Gouvènè a oswa Chèf Egzekitif Tribi a soumèt yon rekèt bay Prezidan peyi a, ki gen otorite pou deklare yon katastwòf majè ak pwogram asistans federal pou moun ak enfrastrikti piblik.
Si kote w ye a pa aktyèlman nan yon zòn deklarasyon federal, ou kapab toujou aplike sou entènèt koulye a. Sistèm aplikasyon sou entènèt la ap kite w fè aplikasyon an si enskripsyon bonè louvri pou eta oswa kontre kote w rete a. Yo ap travay sou aplikasyon w lan si kontre kote w rete a te ajoute nan yon deklarasyon aktif.
Ou ka kontakte biwo jesyon ijans eta kote w rete a pou rapòte dega ki fèt lakay ou. Pou bezwen ijans, ou ka kontakte sikisal lokal pou Lakwa Wouj Ameriken bò lakay ou.